Accessibility links

Breaking News

Dwayen Tribinal Premye Enstans Pòtoprens la Pa Pwolonje Manda Jij Gary Orelien


Yon moun kenbe yon foto defen Prezidan Ayisyen Jovenel Moise pandan yon seremoni nan mize Panteyon Nasyonal la nan Potoprens, 20 Jiye, 2021.
Yon moun kenbe yon foto defen Prezidan Ayisyen Jovenel Moise pandan yon seremoni nan mize Panteyon Nasyonal la nan Potoprens, 20 Jiye, 2021.

Dwayen Tribinal Premye Enstans la Pòtoprens la pa pwolonje manda jij k ap ankete asasina Jovenel Moise la

Manda 90 jou Jij enstriktè Gary Orelien ki tap mennen ankèt sou asasina Prezidan Jovenel Moise rive nan bout li depi 23 desanm 2021 an. Dwayen Tribinal Premye Enstans Pòtoprens la Bernard Saint-vil deside pou l pa pwolonje manda Jij Gary Orelien, malgre li fè demand pou mande pwolonje manda li.

Dapre enfòmasyon yo, dwayen Bernard Saint-vil refize pou pwolonje manda jij Gary Orelien, gen rapò ak enfòmasyon ke Tribinal Premye Enstans Pòtoprens la jwenn sou konpòtman Jij la nan fason ke lap trete dosye yo ki pa akseptab, dapre deklarasyon Madam Rosy Auguste Ducena ki se yon responsab RNDDH.

Dwayen Tribinal Premye Enstans la Pòtoprens la pa pwolonje manda jij k ap ankete asasina Jovenel Moise la
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:50 0:00

Prezidan Jovenel Moise mouri asasinen nan gran maten 7 Jiyè lakay li nan Pelerin 5. Madanm ni, te blese grav nan atak la e li te oblije al pran swen nan yon lopital Miami.

XS
SM
MD
LG