Accessibility links

Breaking News

Pozisyon Wo Komisè Nasyon Zini pou Dwamoun sou Kriz Aktyèl la ann Ayiti


Wo Komisè Nasyon Zini pou Dwamoun, Michelle Bachelet.
Wo Komisè Nasyon Zini pou Dwamoun, Michelle Bachelet.

Pozisyon Wo Komisè Nasyon Zini pou Dwamoun sou Kriz Aktyèl la ann Ayiti daprè yon nòt ki sòti nan vil Jenèv, Peyi Laswis, vandredi premye novanm 2019 la.

Lekti: Marta Hurtado, pòtpawòl Wo Komisè a.

<<Nou genyen gwo kèsote poutèt kriz k ap dire nan Peyi d Ayiti a ak konsekans li sou kapasite Ayisyen yo pou yo egzèse dwa de baz yo, tankou jwenn swensante, manje, edikasyon e satisfè lòt nesesite.

42 moun pou pi piti mouri epi 86 lòt blese nan tansyon an ki pa sispann monte depi dènye seri pwotestasyon yo te kòmanse nan dat 15 septanm 2019 la, daprè enfòmasoyn biwo nou an rive verifye. Pi fò viktim yo te pran bal. Nouvèl yo fè konnen fòs polis yo responsab pou 19 ka lanmò tandiske rès yo pèdi lavi yo anba men nèg ame oubyen endividi moun pa rive idantifye. Pami moun ki mouri yo genyen omwen yon jounalis. 9 jounalis blese e anpil lòt resevwa menas kont sekirite yo, daprè nouvèl yo. Nou lanse apèl bay tout aktè yo pou yo pa vize jounalis yo e pou yo respekte libète laprès genyen pou l fè repòtaj sou sitiyasyon an.

Yon ekip anketè Komisyon Dwamoun Nasyon Zini an.
Yon ekip anketè Komisyon Dwamoun Nasyon Zini an.

Depi kòmansman ane eskolè a nan mwa septanm nan, pi fò timoun atravè Ayiti pa kapab ale lekòl. Rezilta enstalasyon barikad ak zak vyolans sè ke moun yo, espesyalman nan rejyon ki lwen ak kapital la, genyen gwo difikilte pou yo jwenn manje, dlo ki bon pou bwè, medikaman avèk gaz. Sektè sante a espesyalman sibi gwo konsekans sitiyasyon sa a akoz mank kouran elektrik, gaz, pwovizyon manje mete sou enposiblite pou pwofesyonèl medikal yo rive nan travay yo. Nou gen kèsote tou devan le fèt ke enstitisyon lajistis yo ak lòt enstitisyon piblik rete fèmen, e devan konsekans sa kapab genyen sou peyi a, espesyalman sou gwoup ki pi vilnerab yo. Pa egzanp, gwo kantite moun ki nan prizon prevantif pwolonje yo (yon chif ki pa sispann bay kèsote), vin pi gwo toujou akoz anpil tribinal ki fèmen pou rezon sekirite.

Nou lanse yon apèl prese bay tout pati yo pou nou mande yo pa enpeche lopital yo fonksyone epi fasilite deplasman moun ki pral bay swensante yo, ak sikilasyon manje ak medikaman pou moun ki nan prizon, nan òfelina ak lòt gwoup vilnerab yo tankou moun ki gen andikap yo. Apèl sa a konsènen tou livrezon manje ak medikaman ke òganizasyon imanitè ap fè.

Nou byen akeyi desizyon Enspeksyon Jeneral Polis Nasyonal d Ayiti a (PNH) pran pou l lanse yon ankèt sou akizasyon kòmkwa gen polisye ki komèt abi dwamoun e nou ensiste sou nesesite pou ankèt yo fèt yon fason total e global, yon fason endepandan, avèk objektif pou garanti ke responsab yo rann kont pou zak yo, lajistis ak laverite triyonfe pou viktim yo ak fanmi yo; san nou pa bliye di ke mwayen legal dwe sèvi tou nan tout aksyon sa yo.

Li enpòtan anpil pou tout aktè konsène yo pran dispozisyon pou yo apiye solisyon pasifik pou tout mezantant ki pouse Ayisyen yo pran lari plizyè fwa pandan 16 mwa ki pase yo e pou yo ankouraje aplikasyon solisyon sa yo. Nou dispoze e nou pare pou n apiye tout efò ki ta fèt pou pote yon solisyon ki fè sans, ki pèmèt patisipasyon tout moun-- pou sitiyasyon aktyèl la e ki soulaje soufrans pèp ayisyen an. >>

XS
SM
MD
LG