Accessibility links

Breaking News

Etazini-Jistis: Dr. Joseph Baptiste Jwenn Liberasyon li apre FBI te Fin Arete l sou Akizasyon Koripsyon


Dr. Joseph Baptiste, kolonèl retrete nan lame Etazini, e dantis byen koni nan kominote ayisyèn nan Maryland, Etazini.
Dr. Joseph Baptiste, kolonèl retrete nan lame Etazini, e dantis byen koni nan kominote ayisyèn nan Maryland, Etazini.

Yon kolonèl retrete nan lame Etazini ki anba akizasyon kòmkwa li ta mare konplo pou lonje lajan anba tab bay kèk otorite nan gouvènman ayisyen an, jwenn libète l.

Dr. Joseph Baptiste libere apre li te fè yon premye parèt nan yon tribinal federal nan Greenbelt ki nan eta Maryland kote lap viv la. Dr. Baptiste gen pou l prezante devan yon lòt tribinal Distri Federal nan ki nan vil Boston nan eta Massachusetts, 7 septanm k ap vini an.

Mesye Baptiste, ki se yon dantis byen koni nan kominote ayisyèn nan nan Maryland, tonbe anba akizasyon kòmkwa li ta mare konplo pou vyole “Lwa kont Pratik Kòwonpi nan peyi Etranje” e li ta mele nan lavaj lajan.

Pwokirè yo nan tribinal la fè konnen akizasyon sa yo soti nan ankèt sou kèk òm dafè ayisyen-ameriken ki ofri tèt yo pou yo fasilite moun ki vle bay otorite ayisyen yo lajan anba tab pou jwenn otorizasyon pou fè biznis nan peyi Dayiti.

Sepandan, avoka kap defann akize a, Mèt Donald Laroche ki tap reponn kesyon Lavwadlamerik nan mikwo Jean Pierre Leroy fè konnen, ke kliyan li a inosan e li pa ka tann pou l wè prèv ke gouvènman federal la genyen pou sipòte akizasyon ki sou do Dr. Baptiste ki te sèvi nan lame Etazini pandan anviwon 23 lane.

Entèvyou Mèt Donald LaRoche bay Lavwadlamerik sou arestasyon ak liberasyon Dr. Joseph Baptiste la
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:27 0:00

XS
SM
MD
LG