Nan Los Angeles, eta Kalifoni, tribinal la jwen medsen pèsonèl Michael Jackson nan , Dr. Conrad Murray koupab pou omisid envolontè nan ka Michael Jackson nan.
Dr. Murray te kite tribinal la avèk menòt nan ponyèt li. Vèdik sa a soulaje fanmi ak fanatik Michael Jackson yo.
Se nan dat 29 novanm nan ke y ap pwononse santans Dr. Murray. Dr. Conrad Murray ka riske jiska 4 tran nan prizon e li ka pèdi lisans medikal li.
Daprè kèk sous pwòch Los angeles Times sanble yo ta mete Dr. Conrad Murray sou siveyans pou l pa ta suiside tèt li.