Accessibility links

Breaking News

Etazini: Doug Jones, Premye Demokrat ki Eli Senatè Alabama Apre 25 Kan


Kandida Demokrat pou pòs Senatè Alabama Doug Jones pandan li tap pale ak repòtè yo apre li te vin kase bilten vòt li nan eleksyon senatorayl 12 desanm 2017 la, nan Mountain Brook, Alabama.
Kandida Demokrat pou pòs Senatè Alabama Doug Jones pandan li tap pale ak repòtè yo apre li te vin kase bilten vòt li nan eleksyon senatorayl 12 desanm 2017 la, nan Mountain Brook, Alabama.

Kandida pati Demokrat la, Doug Jones, ranpòte eleksyon espesyal pou pòs senatè eta Alabama a devan kandida pati Repibliken Roy Moore. Senatè eli a ap ranplase Jeff Sessions ki se aktyèl minis jistis ameriken an.

Kandida eli pati demokrat la nan eleksyon senatoryal Alabama, Doug Jones, pwononse yon diskou pou l remèsye elektè yo. Dapre rezilta pwovizwa kandida Demokrat la ranmase 49.5 pou 100 vwa kont 48.8 pou 100 pou kandida pati repibliken an Roy Moore.

Prezidan Donald Trump mete yon mesaj sou kont Twitter l kote li salye viktwa kandida pati Demokrat la Doug Jones nan eleksyon espesyal senatoryal Eta Alabama devan kandida pati repibliken an Roy Moore.

XS
SM
MD
LG