Accessibility links

Breaking News

Pousantaj Moun Ki Apresye Travay Prezidan Trump Plis Pase Medya yo, Kongrè a, ak 2 Pati Politik yo Dapre yon Sondaj USA Today


Prezidan Donald Trump kap fè jès salitasyon pandan lap mache desann eskalye avyon Air Force One nan sou pis Ayewopò Entènasyonal West Palm Beach la nan Florid, Etazini, 3 mas, 2017.
Prezidan Donald Trump kap fè jès salitasyon pandan lap mache desann eskalye avyon Air Force One nan sou pis Ayewopò Entènasyonal West Palm Beach la nan Florid, Etazini, 3 mas, 2017.

Prezidan Etazini an gen yon nivo popilarite defavorab nan mitan Ameriken yo, malgre pousantaj moun ki apresye travay li pi wo pase mezi moun ki apresye Kongrè a, tou le 2 pati politik yo, ansyen rival li Hillary Clinton, ak medya yo, dapre yon nouvo sondaj.

Sondaj la, ke jounal USA Today reyalize pandan semèn ki pase a, montre 45 pousan Ameriken gen yon opinyon favorab sou Mesye Trump, pandan 47 pousan gen opinyon negatif sou prezidan an.

Sondaj la montre tou Kongrè a gen 26 pousan moun ki apresye l, 52 pousan ki pa renmen l. Pati Repibliken an gen 37 pousan moun anfavè l, e 48 pousan kont li. Demokrat yo gen 36 pousan moun ki anfavè yo ak 52 pousan ki kont yo.

Ansyen kandida pou prezidan Hillary Clinton gen 36 pousan moun pou li nan sondaj la, ak 55 pousan ki kont li.

Media yo ke Mesye Trump atake tout tan gen 37 pousan moun ki dakò ak yo, ak 50 pousan moun ki kont yo.

XS
SM
MD
LG