Accessibility links

Breaking News

Diskou Prezidan Obama Sou Bidjè Federal la


Prezidan ameriken an Barack Obamak ap tande John Boehner
Prezidan ameriken an Barack Obamak ap tande John Boehner

Isit Ozetazini, manm kongrè a ap prepare yo pou yo vote yon pwojè budjè ki te jwenn antant La Mezon Blanch ak lidè repibliken yo semèn pase a apre kèk negosyasyon ki te chaje ak tansyon –yon tansyon ki montre ki gwo batay dyanm kap dewoule ant 2 kan yo.

Chanm dè Reprezantan an genyen pou vote jedi 14 avril 2011 sou lejislasyon sa a ki prevwa yon koupe 40 MILYA dola nan bidjè ane 2011 la.

La Mezon Blanch ak Kongrè a te rive jwenn yon antant sou plan an byen ta vandredi pase a, yon ti moman sèlman anvan gouvènman an te fèmen si yo pat jwenn yon konpwomi sou dosye a.

Menm si tout obsèvatè yo atann yo aske lejislasyon an pase nan tou lè 2 chanm yo, yo prevwa yon batay pi difisil toujou ant 2 pati yo sou depans peyi a va genyen pou fè a lon-tèm.

Ann atandan mèkredi 14 avril 2011 la, Prezidan ameriken an, Barack Obama, pwononse yon diskou nan inivèsite George Washington isit Washington, kote li mete aksan sou yon strateji ekonomik ki, daprè li, pral pèmèt Lèzétazini elimine plizyè trilyon dola nan defisi bidjetè peyi a sou yon peryòd 12 zan.

Prezidan Obama di : " Jodi a, map pwopoze yon apwòch ki pi ekilibre pou n wete 4 trilyon dola nan defisi bidjetè a sou yon peryòd 12 zan. Apwòch sa a pral itilize kèk nan rekòmandasyon komisyon fiskal mwen te nonmen ane pase a e ki genyen ladann ni demokrat, ni repibliken. Pwopozisyon sa a vin ajoute sou rediksyon yon trilyon dola ke m te deja pwopoze nan bidjè 2012 mwen an. Se yon apwòch ki vize tout kalte depans gouvènmantal, men li pral pwoteje an menm tan klass mwayèn nan, ede n reyalize pwomès nou te fè ameriken ki nan laj avanse yo, epi ankouraje envestisman nou vle fè Ozetazini".

Mesye Obama fè konnen li refize renouvle rediksyon taks pou sitwayen rich yo. Prezidan ameriken an te dakò yon fwa deja pou l pwolonje avantaj fiscal gran nèg yo te benefisye sou gouvènman prezidan George W. Bush la paske , dapre presizyon li bay, se te sèl mwayen pou l te bloke yon ogmantasyon taks sou klass mwayèn nan.

XS
SM
MD
LG