Accessibility links

Breaking News

Dirijan l’OTAN yo Deside Kanpe Misyon Òganizasyon an nan Libi


Dirijan l’OTAN yo Deside Kanpe Misyon Òganizasyon an nan Libi
Dirijan l’OTAN yo Deside Kanpe Misyon Òganizasyon an nan Libi

Minis peyi-manm Oganizasyon Trete Atlantik Nò a (l’OTAN) reyini vandredi 28 oktòb la nan Brusèl, nan Beljik, kote yo gen pou anonse divès plan yo genyen pou yo mete fen nan operasyon militè yo lanse depi 7 mwa deja nan Libi a.

Rankont sa a kòmanse yon jou aprè Konsèy Sekirite l’ONU an te anile manda li te pran pou l otorize operasyon an.

Chèf l’OTAN an, Anders Fogh Rasmussen, fè konnen Alyans Atlantik la pral pibliye yon desizyon ofisyèl eta-manm yo te jwenn semèn pase a, pou mete yon pwen final nan misyon Libi a nan dat 31 oktòb kap vini la a.

XS
SM
MD
LG