Accessibility links

Breaking News

Diplomat Ameriken Richard Holbrooke Mouri Nan Washington


Richard C. Holbrooke ak Sekretè Deta Hillary Rodham Clinton
Richard C. Holbrooke ak Sekretè Deta Hillary Rodham Clinton

Diplomat ameriken veteran Richard Holbrooke, --anvwaye espesyal administrasyon Obama pou Afganistan ak Pakistan e ki te entène lopital apre yon operasyon dijans nan kè-- mouri lendi 13 desanm 2010 la. Li te genyen 69 van. Vandredi pase a, pandan Misye Holbrooke t ap patisipe nan yon rankont ak Sekretè Deta Hillary Clinton nan Depatman Deta a, li te tonbe endispoze. Yo te kouri avè l nan yon lopital nan Washington, kote doktè te pase 20 èd-tan ap opere li pou repare yon gwo artèr kote san sikile pou sòti nan kè a pou ale nan rès kò a.

Medsen yo te oblije fè yon lot operasyon avan yè dimanch 12 desanm 2010 la. Byen ta lendi 13 desanm 2010 la, kèk èd-tan sèlman anvan misye Hoolbrooke te mouri, Prezidan Barack Obama te chante konpliman pou karyè li.

Prezidan Obama di: "Richard Holbrooke te sèvi peyi sa a avèk distenksyon pandan plis pase 50 tan. Li te kòmanse kòm yon senp fonksyonè piblik o Vyetnam, ansuit li te tounen achitèk akò ki te fè san sispann koule nan rejyon Balkan an, jiskaske li te vin reprezantan espesyal nou, pou l pran tèt efò n ap fè nan Afganistan ak Pakistan, an pasan pa solisyon li te pote pou divès kalte kriz nan anpil rejyon k ap fè fas ak sitiyasyon difisil nan lemond. An 2 mo, 3 pawòl, li se youn nan jeyan politik entènasyonal Lèzetazini."

Apre nouvèl lanmò Misye Holbrooke la te sòti, Prezidan Obama fè parét yon deklarasyon kote li di lanmò sa a ba I anpil tristès, e li ajoute –nap site : “Richard Holbrooke te travay pou pèmèt Lèzetazini vin pi fò, gen plis sekirite e benefisye plus respè nan lemond.”

Youn nan pi gwo reyalizasyon Richard Holbrook nan krayè li, se wòl li te jwe nan negosyasyon ki te debouche sou sa ki rele “Akò Lapè Dayton yo” ki te pote lapè nan Bosni-Ezegovin. Akò sa yo –ke pati konsène yo te siyen nan dat 14 desanm 1995 (jodiya fè 15 zan jou pou jou) te mete fen nan yon sitiyasyon malouk nan Bosni-Ezegovinn kote goumen pou rezon rasyal ant Sèb, Bosnyak ak kwat t ap fè san koule san rete nan rejyon an.

XS
SM
MD
LG