Accessibility links

Breaking News

Yon 2èm Dimanch Manifestasyon ann Ayiti kont Diktati ak Gouvènman Jovenel Moise la


Ayisyen ki t ap manifeste pou yo egzije demisyon Prezidan Jovenel Moise (Pòtoprens, Ayiti, mèkredi, 10 fevriye 2021).
Ayisyen ki t ap manifeste pou yo egzije demisyon Prezidan Jovenel Moise (Pòtoprens, Ayiti, mèkredi, 10 fevriye 2021).

Nan peyi d Ayiti, yon manifestasyon ap dewoule, dimanch 21 fevriye 2021 an, sou apèl lidè Sosyete Sivil la avèk sipò opozisyon an. Òganizatè yo fè konnen objektif mouvman sa a se “mobilize pèp la kont diktati” epi “mande Prezidan Jovenel Moise kite pouvwa a.” Korespondan nou nan Pòtoprens, Renan Toussaint, fè n konnen manifestasyon sa a gen patisipasyon “toutes couches confondues”, sètadi tout sektè nan vi nasyonal la reponn apèl pou yo prezan nan lari Pòtoprens pandan jounen an.

Se 2èm dimanch youn aprè lòt pèsonalite sivil nan divès sektè, dirijan politik ki an fas pouvwa an plas la avèk senp sitwayen ap manifeste pou yo denonse sa yo konsidere kòm “move jesyon rejim an plas la” ak yon ensistans sou le fèt ke “Prezidan Jovenel Moise rete sou pouvwa a ilegalman, paske manda l pan fen depi 7 fevriye 2021,” selon yon deklarasyon ki tounen yon vrè slogan pou youn nan lidè Opozisyon Demokratik e Popilè a, Avoka André Michel.

Bò kote gouvènman an, li rejte kategorikman agiman opozisyon an ak lòt sektè yo mete devan pou jistifye fen manda Prezidan Moise la ak rezon ki fè, nan je yo, li se yon diktatè. Nan yon entèvyou lidè ayisyen an te bay Lavwadlamerik sa pa gen lontan, li ensiste sou lefèt ke li te "prete sèman le 7 fevriye 2017" e manda li pa p pran fe pazavan "le 7 fevriye 2022." Depatman Deta ameriken, Òganizasyon Nasyon Zini ak l'OEA apiye pozisyon sa a. Pou sa k gen rapò ak kèk aksyon "ilegal" ou "enkonstitisyonel" Prezidan Jovenel poze, daprè opozisyon an, li reponn ke li pran yo "pou pwoteje enstitisyon peyi a."

Jovenel Moïse (adwat), jounalis Jaquelin Bélizaire (agoch).
Jovenel Moïse (adwat), jounalis Jaquelin Bélizaire (agoch).

Sanble mouvman pwotestasyon k ap dewoule ann Ayiti yo kapab tounen yon konstant nan vi nasyonal la pandan jou -si sete semèn- k ap vini la yo. An fèt, asosyasyon etidyan yo deja lanse apèl pou yon manifestasyon manch long, ak yon konsantrasyon devan anbasad amerikèn nan, nan Tabart, pou lendi 22, madi 23 ak mèkredi 24 fevriye. Daprè yon anons yo pibliye nan kapital la, Pòtoprens, manfestan yo pral pase “72 zè” devan misyon diplomatik la kote yo pral “manje, dòmi, leve, bat tenèb, chante…”

Rete branche sou Lavwadlamerik (radyo, televisyon ak medya sosyal). Mete entènòt/oditè/telepektatè yo o kouran evolisyon kriz politik la ann Ayiti se yon veritab priyorite pou VOAKREYÒL.

XS
SM
MD
LG