Accessibility links

Breaking News

Gwo Dife Pran nan Bronx, New York. Bilan: 12 Moun pou Pi Piti Mouri


Foto: Ponpye ki te kouri ale sou plas pou konbat dife ki te pran nan konsplèks apatman an nan Bronx, New York, nan nwit 28 desanm 2017 la. Sèvis Ponpye nan New York fè konnen dife a koze lanmò 12 moun e gen gen plis toujou ki blese.
Foto: Ponpye ki te kouri ale sou plas pou konbat dife ki te pran nan konsplèks apatman an nan Bronx, New York, nan nwit 28 desanm 2017 la. Sèvis Ponpye nan New York fè konnen dife a koze lanmò 12 moun e gen gen plis toujou ki blese.

12 moun mouri tandiske 4 lòt, ki blese gravman, ap goumen ak lanmò depi nan nuit jounen jedi 28 desanm 2017 la. Yo se viktim yon dife ki te pran e ki te gaye tousuit nan yon konplèks apatman nan Bronx, New York, kote fredi a te rèd anpil. Majistra New York la, Bill de Blasio, konfime nouvèl la.

Ponpye ki te prese ale sou plas pou konbat dife ki te pran nan yon konplèks apatman nan Bronx. (Foto: AP/Frank Franklin).
Ponpye ki te prese ale sou plas pou konbat dife ki te pran nan yon konplèks apatman nan Bronx. (Foto: AP/Frank Franklin).

Majistra de Blasio ki t ap pale nan yon konferans pou laprès li bay tou prè building nan, fè konnen pami viktim yo gen yon ti bebe ki te gen anviwon 1 an e li ajoute:

“Se posib pou gen plis timoun toujou ki mouri.”

ISTWA DIFE A

Komisè Sèvis Ponpye New York la, Daniel Nigro, fè konnen li konsidere dife sa a kòm "yon dezas istorik pou dimansyon li e pou kantite moun li touye yo.” Li ajoute:

“Se kè nou k ap kase lè nou panse ak tout moun ki pèdi yon manm fanmi yo isit la ak tout moun k ap goumen ak lanmò kounyela a.”

Dife a te pran nan yon building 5 etaj sou yon distans tou kout ak anplasman kote jaden zowolojik Bronx la sitiye a. Daprè otorite yo, dife a te kòmanse nan premye etaj la vè 7 tè di swa e li te gaye rapidman nan tout batiman an. Anviwon 170 sapè-ponpye te redi anba yon fredi kraze-zo (15 degre Farenheit sèlman) pou yo te eseye sove moun ki te nan building nan. Yon pati nan dlo yo te flite sou kay la retounen nan lari a e dlo sa a te freeze, li te jele la menm.

YON DIFE KI GAYE RAPIDMAN

Robert Gonzalez se yon moun k ap viv nan vwazinaj kote dife a te pran an; misye gen yon zanmi-fi ki abite nan building nan. Manmzèl te gen tan chape poul li tandiske yon lòt lokatè rive sove tou ak 5 timoun li yo. Lè dam nan te rive deyò a, emosyon te tèlman anvayi li, li pa t ka kenbe dlo ki t ap sòt nan je l.

Fenèt ki nan plizyè etaj building nan kraze oubyen yo nwasi nèt. Daprè dokiman lakomin New York genyen sou dosye batiman vil la, building 5 etaj la pa t gen asansè. Men li te fasil pou w wè sou fasad batiman an pòt-de-sekou moun te ka itlize pou yo kouri sòti sizoka ta gen yon dife.

Youn nan dife ki pi tèrib nan istwa resan Bronx te pete an 2007. Se yon aparèy mobil pou chofe kay ki te pwovoke li. Bilan: 9 timoun ak yon granmoun te pèdi lavi yo.

XS
SM
MD
LG