Accessibility links

Breaking News

Diego Maradona Kapab Demisyone Kòm Antrenè Seleksyon Foutbòl Nasyonal Ajantin nan


—Djòb Diego Maradona kòm antrenè seleksyon nasyonal Ajantin nan kapab rive nan bout li apre prezidan federasyon an, Julio Grondona, mande l pou l ranplase pifò pèsonèl teknik seleksyon an.

Grondona te fè demand sa a apre Maradona te poze kòm kondisyon pou l kontinye antrene seleksyon prezans tout pèsonèl la. Maradona menase pou l kite seleksyon an si federasyon an chanje yon moun nan pèsonèl teknik la.

—Nouvo antrenè Seleksyon Nasyonal Brezil la Mano Menezes pibliye yon lis 24 jwè k ap fè pati seleksyon ki pral rankontre Etazini 10 out k ap vini la a nan New York. Pami jwè ki fè pati seleksyon an nou jwenn Alexandre Pato k ap jwe nan Milan AC ak jè n foutbolè Neymar k ap jwe nan Santos.

Rafael da Silva k ap jwe nan Manchester United epi mitan teren Liverpool Lucas Leiva. 4 jwè ansyen seleksyon an figire sou lis la. Defansè ekip barselòn nan Daniel Alves, Ramires k ap jwe nan Benfica, Thiago Silva k ap jwe nan Milan AC ak Robinho k ap jwe nan Santos.Kaka, Luis Fabiano ak Julio Cesar pa figire sou lis la.

—Federasyon Foutbòl Meksiken an nonmen 2 antrenè pwovizwa an preparasyon ak 3 match amikal. Ansyen antrenè Henrique Meza ap dirije seleksyon ki pral rankontre Espay epi Efrain Flores pral dirije seleksyon ki pral jwe 2 lòt match amikal an Septanb kont chili ak Kolonbi.

Meksik ap chache yon nouvo antrenè depi yo te elimine nan kar de final koupdi mond Afrik di Sid la.

—Vil Lond make madi 27 jiyè 2 zan avan je zolenpik 2012 yo kòmanse gras ak yon seri aktivite responsab yo òganize nan kapital la. Plizyè atlèt vizite enstalasyon spòtif yo ki toujou an konstriksyon.

Pami vizitè yo nou jwen siklis Britanik Chris Hoy ki ranpòte 4 meday dò. Chris se premye siklis ki fè yon toune nan Velodròm nan. Majistra vil Lond la Boris Johnson te kouri andedan pis atletis an sal la. Ansyen chanpyon Olenpik 200 ak 400 mèt ameriken Michael Johnson te patisipe nan yon kous ak yon seri de jè n fanatik nan stad prensipal 80 mil plas la.

Otorite yo kòmanse rekrite 70 mil volontè ansanm ak 8 mil anbasadè ki pral gide vizitè yo nan alantou kapital la pandan dewoule je zolenpik yo k ap demare 27 jiyè 2012.

XS
SM
MD
LG