Accessibility links

Breaking News

Dezòd, Manifestasyon Apre yon Jiri nan Wisconsin Jwenn Kyle Rittenhouse Non Koupab Nan Lanmò 2 Moun


Manifestan yo konwonte lapolis apre yon jiri jwenn Kyle Rittenhouse non koupab nan lanmo 2 moun li tire e touye. Manifestasyon sa a fet nan vil Portland, eta Oregon, 19 Nov. 2021.
Manifestan yo konwonte lapolis apre yon jiri jwenn Kyle Rittenhouse non koupab nan lanmo 2 moun li tire e touye. Manifestasyon sa a fet nan vil Portland, eta Oregon, 19 Nov. 2021.

Dezòd pete nan vil Portland, eta Oregon 19 Novanm nan aswe -- e moun Nouyòk pran lari pou pwoteste kont desizyon yon jiri nan eta Wisconsin nan pran pou'l jwenn non koupab Kyle Rittenhouse, yon jèn blan lajistis te akize nan lanmò pa bal 2 moun. Yon twazyèm moun te blese lè Rittenhouse, 18 an, te tire sou yon foul moun ki tap pwoteste kont zak britalite ak rasis lapolis komet nan eta Wisconsin.

Jiri a (ki se blan pou pi fò) jwen misye non koupab de tout chèf akizasyon yo: omisid, tantativ omosid epi konpòtman san fwa ni lwa ki mete sekirite ak lavi moun an danje.

Otorite Oregon yo dekrete manifestasyon Vandredi a yon emet. Gen anviwon 200 moun ki te pran lari epi tonbe kraze fenet epi voye bagay sou lapolis. Yo te menm pale de boule Sant Jistis la, dapre yon stasyon televizyon lokal.

Manifestan mache devan Barclays Center nan Nouyok apre desizyon jiri a nan ka Kyle Rittenhouse la, 19 Nov. 2021.
Manifestan mache devan Barclays Center nan Nouyok apre desizyon jiri a nan ka Kyle Rittenhouse la, 19 Nov. 2021.


Pandansetan nan Nouyòk, manifestan te rasanble devan Barclays Center anba lavil pou pwoteste kont desizyon jiri a.

Kek manifestan eksprime mekontantman yo nan desizyon sa a men yo di yo te konnen se konsa bagay yo tapral pase.

"Sa pat etone'm ditou," Chase Louden di AP. "Paske mwen te tande anpil moun ekstrem dwat tankou Rittenhouse te vwayaje al nan Wisconsin mallgre yo pa rete la pou ba li sipo. Mwen te konnen yo tapral jwenn ni non koupab paske sistem jidisye Etazuni an apiye kapitalis e li apiye moun tankou misye. Yo pa vreman gen yon tolerans pou moun kap goumen kont kapitalis."

Prezidan Joe Biden di li apiye desizyon juri a.

" Mwen kanpe deye konklizyon jiri a. Sistem jidisye a mache e fòk nou respekte'l," Biden di jounalis ki tap poze'l kestyon pandan li tap tounen nan Lamezonblanch Vandredi.

Vis Prezidant Kamala Harris, yon ansyen Minis Jistis eta Kalifoni, reyaji sou desizyon an tou.

"Desizyon an di tout bagay. Jan nou konnen mwen pase majorite karye mwen ap travay pou rann sistem jistis kriminel la pi ekitab e kleman gen anpil travay ki rete pou fet," Madan Harris di jounalis yo.

Manifestan pran lari nan Oakland, eta Kalifoni pou pwoteste kont desizyon yon jiri pran pou'l jwenn non koupab Kyle Rittenhouse, Vandredi 19 Nov. 2021.
Manifestan pran lari nan Oakland, eta Kalifoni pou pwoteste kont desizyon yon jiri pran pou'l jwenn non koupab Kyle Rittenhouse, Vandredi 19 Nov. 2021.


Vedet ekip basketbòl Milwaukee Bucks, Kris Middleton (ekip sa a jwe pou eta Wisconsin nan NBA a, di li te desi.

" Nou te pale sou sa ak ekip la. Men map pale pou pwòp tet mwen le'm di mwen desi. An menm tan, sa pa etone'm ditou. Mwen te gade pwose a e mwen te suiv pwosesis la. Men se yon bagay nou we deja plizye fwa. "

Evek Tavis Grant konsole Hannah Gittings, menaj Anthony Huber, kek Kyle Rittenhouse tire e touye, apre yon jiri te jwenn misye non koupab Vandredi 19 Nov. nan Kenosha, eta Wisconsin.
Evek Tavis Grant konsole Hannah Gittings, menaj Anthony Huber, kek Kyle Rittenhouse tire e touye, apre yon jiri te jwenn misye non koupab Vandredi 19 Nov. nan Kenosha, eta Wisconsin.


Fanmi viktim yo di yo vekse a mò, men yo pa sezi e ke desizyon sa a montre sistem jidisye a se yon echek li ye.

Pou defann zak li poze a, Rittenhouse te ensiste pou di li tap defann tet li le li te tire sou foul la e ke 2 neg li tire e touye yo ak sa ki blese a te atake'l.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

GADE: Repotaj sou desizyon jiri a nan eta Wisconsin nan ka Rittenhouse la

Tinedjè Kyle Rittenhouse Lib Apre yon Jiri Eta Wisconsin Jwenn ni Non Koupab pou Omisid
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:48 0:00

XS
SM
MD
LG