Prezidan Chanm dè Reprezantan Lèzetazini an, Depite repibliken John Boehner, twoke kèk pawòl piman bouk ak La Mezon Blanch sou sa ki gen rapò ak legalite aksyon militè Lèzetazini nan Libi.
Misye Boehner ak kèk lòt manm Kongrè a (Demokrat kou Repibliken) fè konnen lalwa fè prezidan ameriken an obligasyon pou l chache genyen apwobasyon Kongrè a pou misyon lame amerikèn ap mennen nan Libi a.
Sepandan La Mezon Blanch di li pa pataje lide sa a. Nan yon rapò administrasyon Obama a voye bay kongrè a nan jounen mèkredi 15 jen an, La Mezon Blanch di lame amerikèn ap jwe yon wòl limite, yon senp « wòl d’apui » nan Libi, e sòlda yo pap pasisipe nan sa lalwa amerikèn rele «yon operasyon ostilite » ; kidonk prezidan an pa oblije mande Kongrè a konsantman n pou li fè lame a patisipe nan yon misyon konsa.