Accessibility links

Breaking News

Yon Rapò Entènasyonal Malouk sou Nivo Endis Devlopman yo ann Ayiti


Rapòtè Espesyal Nasyonzini pou povrete ekstrèm ak dwamoun, Philip Alston, nan yon konferans pou laprès sou "Objektif Devlopman Dirab yo" (ODD) nan vil Peken, Lachin, nan dat 23 out 2016. (Foto: Achiv).
Rapòtè Espesyal Nasyonzini pou povrete ekstrèm ak dwamoun, Philip Alston, nan yon konferans pou laprès sou "Objektif Devlopman Dirab yo" (ODD) nan vil Peken, Lachin, nan dat 23 out 2016. (Foto: Achiv).

Nan lane 2015, plizyè chèf deta ak chèf gouvènman atravè lemond te pran angajman pou yo pote kontribisyon yo nan efò Nasyon Zini te anonse pou diminye eka ki egziste ant moun ki posede yo ak sila yo ki pòv nan sosyete yo. Se objektif No. 10 nan sa ki rele “ODD: Objektif Devlopman Dirab”; e se tèm yon rapò ki sòti nan biwo ONG Oxfam-DFI fè parèt nan dat 9 oktòb pase a.

Daprè refleksyon gwo otorite sa yo te fè, gras a travay ak rechèch teknik kèk pwèch kolaboratè yo ki branche sou domèn “devlopman imen an”, yo te fin pa konprann sèl chemen ki pou pèmèt yo debouche sou objektif No. 1 an, ou “eliminasyon povrete”, se redui pou yo redui inegalite nan sosyete yo.

Jounal Le National konsakre yon atik sou dosye a nan nimewo 762 la ki kouvri peryòd weekend 19-21 oktòb la pou rive lendi 22 oktòb 2018 la. Hansy Mars, ki siyen atik la, fè konnen:

<<Sou 157 peyi etid la te pran an konsiderasyon, Ayiti okipe 155èm plas la. Peyi ki vini aprè Ayiti yo se Ouzbekistan (156èm) avèk Nijerya (No. 157). Pou faktè sante a, Ayiti okipe 133èm plas la, paske pa tèlman gen pwogrè ki fèt nan domèn nan; li vini nan 156èm plas pou pwoteksyon sosyal epi li se 145èm peyi pou faktè edikasyon an.

Yon elèv ki t ap fè devwa li nan Lekòl Evanjelik Betezda nan Kanaran, Ayiti, nan dat 24 jen 2015. (Foto Achiv).
Yon elèv ki t ap fè devwa li nan Lekòl Evanjelik Betezda nan Kanaran, Ayiti, nan dat 24 jen 2015. (Foto Achiv).

<<Gwo kokenn chenn labim ki separe moun ki rich ak moun ki pòv yo, akoz gwo kantite richès moun ki anwo nechèl la rasanble pou tèt yo, sa vin kreye yon lavi difisil kounye a –e k ap toujou rete difisil nan lavni- pou moun ki jenn jounen jodi a. Sa nou dwe di tou, sè ke inegalite ekonomik malouk ki egziste nan sosyete yo bloke tout mobilite sosyal, sa ki vle di timoun ki gen papa ak manman pòv yo pral viv nan menm kondisyon povrete, nan menm kondisyon mizè a.>>

Hansy Mars ajoute: <<Nan anpil peyi si yon jenngason/jennfi pa sòti nan yon fanmi privilejye, li gen mwens kapasite pèsonèl pou l pwofite de tout chans konpetans li ak talan li te ka pèmèt li jwenn. Reson an? Se gwo labin ki separe moun rich yo avèk rès popilasyon an.>>

Nap di konklizyon espasyalis ki te prepare rapò a pa tèlman diferan ak rapò sou menm kesyon an Labank Mondyal te pibliye sa pa gen lontan sou “Devloman Imen” nan peyi manm yo pandan dewoulman yon reyinyon li menm avèk FME (Fon Monetè Entènasyonal) sot fè nan vil Bali, nan Endonezi.

Nou va retounen ak “rekòmandasyon” e “konklizyon” ki nan fen atik jounal Le National pibliye a.

(Aswiv)

XS
SM
MD
LG