Accessibility links

Breaking News

Detay Ofisyèl Sou Lanmò Oussama bin Laden


Detay Ofisyèl Sou Lanmò Oussama bin Laden
Detay Ofisyèl Sou Lanmò Oussama bin Laden

Ozetazini, La Mezon Blanch di lidè rezo al-Kaida a, Oussama bin Laden, pat gen zam sou li lè yon fòs espesyal ameriken te touye li lendi 2 me 2011 la. Sepandan, daprè sa pòt-pawòl La Mezon Blanch la, Jay Carney, fè laprès konnen madi, Bin Laden te reziste lè kòmando La Marin de Gè Lèzetazini an te fè yon desant-de-lye nan gwo batiman kote li te kache a.

Misye Carney kontinye pou l di yon moun pa bezwen gen zam sou li pou l fè rezistans; men pòtpawòl la pa bay plis detay. Nouvèl la raple sòlda ameriken yo te jwenn nèg lajistis entènasyonal te plis ap chache a nan yon gwo batiman ki koute yon milyon dola, o nò kapital Pakistan an, Islamabad.

Dapre Jay Carney toujou, bin Laden pran bal nan tèt ak nan lestomak. Youn nan madanm li yo resevwa yon bal nan janm, men manmzèl pa mouri nan operasyon an. Pòtpawòl La Mezon Blanch la ajoute otorite ameriken yo genyen pou yo pran desizyon sou kesyon pou konnen èske yo dwe pibliye videyo kote yo anrejisre operasyon ki touye Bin Laden nan.

Pandansetan, Misye Carney di otorite Lèzetazini yo espere enfòmasyon sekrè lame amerikèn nan te jwenn nan rezidans kote bin Laden te kache a, va bay prèv sou nenpòt ki atak al-Kayda t ap planifye, menm jan yo va bay enfòmasyon sou moun ak enstalasyon enpòtan rezo a te vize nan atak sa yo; konsa tou yo va kapab konnen kisa ak ki moun ki te bay Bin Laden sipò li te bezwen pou l te ka rete e viv nan Pakistan.

Madi 3 me a, direktè Sèvis Sekrè Lèzetazini an, Leon Panetta, te patisipe nan yon seyans depozisyon ak tout pòt fèmen nan kongrè a kote li bay senatè ak depite ameriken yo detay sou operasyon an. Nan on entèvyou misye Panetta bay Time Magazin, li di Lèzetazini pat di otorite pakistanè yo anyen sou operasyon an davans, paske yo pat vle pèsonn mete ben Laden o kouran plan datak la.

XS
SM
MD
LG