Accessibility links

Breaking News

Depòtasyon Gypsi Nan Lafrans


Gwoup entènasyonal dwa minorite yo di madi 24 jiyè a pwosesis sa a diskriminatwa e depòtasyon sa yo fè Gypsi yo parèt tankou kriminèl akoz ras yo e sa a kite yo jwi dwa yo pou yo deplase libreman nan Inyon Ewòp la.

La Frans te voye 190 Gypsi retounen nan Roumani semèn pase a e li gen pou l depote plizyè santèn lot vè fen mwa d out la.

Prezidan fransè a, Nicolas Sarkozy, di ekspilsyon sa yo nesesè pou konbat krim ak delenkans.

Prezidan Roumani an, Traian Basescu, eksprime kè sote li devan depòtasyon sa yo, li di ki sa ka debouche sou reyaksyon rayisab kont etranje.

XS
SM
MD
LG