Accessibility links

Breaking News

Depite Demokrat Steny Hoyer Reyaji sou Tranbleman Te Ayiti


Depite Demokrat Steny Hoyer reprezante eta Maryland nan La Chanm de Reprezantan e li se lide Majorite La Chanm.
Depite Demokrat Steny Hoyer reprezante eta Maryland nan La Chanm de Reprezantan e li se lide Majorite La Chanm.

Depite Demokrat Steny Hoyer, ki reprezante eta Maryland nan la Chanm de Reprezantan Etazuni, pibliye yon deklarasyon sou tranbleman te ki frape Ayiti 14 Out, 2021. Men sa li di:

" Ke mwen kase le mwen tande yon lot fwa anko pep Ayisyen an oblije fe fas ak dega yon tranbleman te trajik. Mwen voye kondoleyans mwen bay fanmi viktim yo, ansanm ak sa yo kap chache fanmi yo anba dekonb. Sa gen 11 zan de sa, jou pou jou - mwen te dirije yon jefo bi-patizan (ak patisipasyon demokat kou republiken) pou al fe konsta dega tranbleman 2010 la e sa te touche'm anpil le mwen we kijan pep Ayisyen an te leve defi sa a. Chak dezas ki rive, pep Ayisyen an montre deteminasyon li, e mwen konnen nou pral we menm reziyans la fas ak sikonstans pesonn patka imajine.

"Map ajoute ke mwen kontan we administrasyon Biden-Harris la otorize yon repons vit e prese ki santre sou konsta dega yo epi asistans pou sekouris kap travay sou teren an. Lezetazuni pral kontinye kanpe bo kote Ayiti, nan moman peyi a ap eseye rekanpe sou 2 pye'l epi rebati."

XS
SM
MD
LG