Accessibility links

Breaking News

Depite Ameriken Jean L. Jeudy kritike Lajistis Ayisyèn Pou Dosye Duvalier a


Depite Ameriken Jean L. Jeudy kritike Lajistis Ayisyèn Pou Dosye Duvalier a
Depite Ameriken Jean L. Jeudy kritike Lajistis Ayisyèn Pou Dosye Duvalier a

Yon depite ameriken (Eta New Hampshire) lanse apèl bay otorite lajistis yo ann Ayiti pou l mande yo montre plis onètete ak ekite nan fason y ap aji konsènan ansyen lidè peyi a ki t ap viv ann egzil e ki retounan ann Ayiti.

Non depite sa a se Jean Luniol Jeudy ki te pran nesans nan vil Jérémie, Depatman Grans-Ans, ann Ayiti. Depite Jeudy tap reaji apre yon jij ayisyen te pran desiyon pou l mete ansyen Prezidan Jean Claude Duvalier an rezidans siveye, annatandan yon aksyon an jistis kote li ta genyen pou l reponn akizasyon konsènan vyolasyon dwamoun ki te fèt sou administrasyon n nan (1971-1986).

Daprè Misye Jeudy, pou lajistis ayisyèn montre ekite nan aksyon lap poze nan sans sa a, li ta dwe chache jije tou ansyen Prezdian Jean Bertrand Aristdie ak lidè ansyen rejim militè yo ki genyen non yo makònen ak vyolasyon dwamoun ki byen koni e byen dokimante.

XS
SM
MD
LG