Accessibility links

Breaking News

Depite A. Rodon Bien-Aimé Kondane Arestasyon Kòlèg li, Arnel Bélizaire


Sou dosye arestasyon Depite Arnel Bélizaire a, nou genyen reyaksyon youn nan kòlèg li yo, Depite A. Rodon Bien-Aimé, k ap patisipe nan yon pwogram pou vizitè entènasyonal nan Washington.

Depite Bien-Aimé, k ap reponn kesyon Lyonel Desmarattes, di li pa swete evennman sa a deranje rapò ant palman an ak pouvwa egzekitif la an jeneral, e prezidans la an patikilye.

Se konsa tou Misye Bien-Aimé swete otorite lajistis yo te aplike tout sa lalwa prevwa nan ka kote yon manm palman an ta komèt yon krim, anvan yo te posede a arestasyon kòlèg li a.

Klike sou flèch ki anlè atik la pou w koute entèvyou Lyonel Desmarattes ak Depite A. Rodon Bien-Aimé.

XS
SM
MD
LG