Accessibility links

Breaking News

Depite Ameriken, Ileana Ros-Lehtinen, Bat Bravo Pou Pèp Ayisyen an 2 Zan Aprè Tranblemanntè a


Depite Repibliken Eta Florid Ileana Ros-Lehtinen
Depite Repibliken Eta Florid Ileana Ros-Lehtinen

Ozetazini , Depite Repibliken Eta Florid, Ileana Ros-Lehtinen, ki prezidan komisyon afè etranjè nan Chanm bas la pibliye yon kominike nan okazyon dezyèm anivèsè tranblemanntè douz Janvye de mil dis la ki te devaste peyi Dayiti.

Sa gen de zan depi Ayiti te viv youn nan pi move katastwòf natirèl nan istwa l lè yon tranblemanntè ak yon pwisans sèt pwen frappe kapital la, Pòtoprens. Trajedi a frape yon tyè nan peyi a.

Depite Ros-Lehtinen fè yon deklarasyon kote li di: "Jodi a , nou sonje sila yo ki te peri e pèdi kay yo pandan tranblemanntè a . Pandan 2 ane k sot pase la a, mwen enpresyone devan detèminasyon pèp ayisyen an e mwen enspire devan rezistans popilasyon an devan moman difisil sa yo.

Malerezman, pèp ayisyen nan toujou twouve l nan konba pou repare peyi a e fè pwomosyon pou yon kwasans ak stabilite durab.

Dapre nòt la toujou , Depite a di: "Mwen kwè ak tout fòs mwen, relans Ayiti a dwe chita sou yon gouvènman ayisyen transparan e efikas ki apwiye yon eta-de-dwa ak « bòn gouvènans » , e pou l gen garanti ke pèp ayisyen an gen yon wòl pou jwe nan avni peyi a e tabli vizyonn pou peyi a."

XS
SM
MD
LG