Accessibility links

Breaking News

Anons kont Vwayaj ann Ayiti - Avètisman Depatman Deta Ameriken


Avètisman Konsènan Vwayaj (Travel Warning)

Anons kont Vwayaj ann Ayiti - Nivo 4 - Pinga Vwayaje

(Haiti Travel Advisory - Level 4 - Do Not Travel)

Pinga nou vwayaje ann Ayiti akoz dezòd sivil avèk krim.

Aktyèlman genyen dezòd sivil ak manifestasyon ki gaye anpil kote ann Ayiti. Mouvman pwotestasyon, kawoutyou k ap boule, avèk barikad sou wout, se bagay ki toupatou e moun pa kapab prevwa yo. Nan dat 9 jiyè 2018 la gouvènman ameriken an te otorize depa volontè manm pèsonèl gouvènman ameriken an ki pa ijan avek manm fanmi yo. Pou le moman, gouvènman ameriken an genyen kapasite limite pou l ofri sèvis dijans bay sitwayen ameriken yo. ((Right now, the U.S. government has limited ability to provide emergency services to U.S. citizens.))

Depatman Deta Ameriken.
Depatman Deta Ameriken.

Depatman Deta va revize avètisman sa a yon fwa pwoblèm sitiyasyon sekirite aktyèl la va fin rezoud.

Krim vyolan, tankou vòl a men ame, se bagay ki kouran. Lapolis lokal byen kapab manke mwayen pou yo fè fas kòmsadwa ak ensidan kriminèl grav oubyen ak ijans yo. ((Violent crime, such as armed robbery, is common. Local police may lack the resources to respond effectively to serious criminal incidents or emergencies.))

Menm nan sikonstans nòmal, gouvènman ameriken an gen kapisite limite pou l ofri sèvis dijans pou sitwayen ameriken nan kèk rejyon ann Ayiti. Manm pèsonèl anbasad amerikèn nan dwe jwenn pèmisyon nan men responsab sekirite Anbasad la anvan pou yo ale nan kèk zòn nan Pòtoprens. ((U.S. Embassy personnel must receive permission from the Embassy security officer to travel to some areas of Port-au-Prince.))

Anbasad la pa konseye anplwaye li yo –nan kèk ka li entèdi yo- deplase a-pye nan kèk katye vil la, pami yo genyen katye nan Petyonvil. Depi li fin nannuit, Anbasad la entèdi anplwaye li yo ale nenpòt kote ki pa gen sekirite oubyen paking sou plas. Gen entèdiksyon pou anpwalye yo deplase kite Pòtoprens depi solèy la kouche. Aplwaye Anbasad la twouve yo anba kouvrefe sòti 1nè di maten pou rive a 5 kè di maten.

Li entèdi an pèmanans pou anplwaye Anbasad la itilize bank piblik oubyen aparèy ATM (gichè otomatik). Li entèdi tou pou manm pèsonèl anbasad la itilize nenpot ki kalite transpò piblik atravè tout peyi a. ((Travel outside of Port-au-Prince is prohibited after dark. Embassy employees are under a curfew from 1:00 a.m. to 5:00 a.m. The use of public banks and ATMs by Embassy employees is prohibited at all times. Embassy personnel are prohibited from using any kind of public transportation throughout the country.))

Ale li seksyon sou Sekirite ak Byennèt la sou paj country information page. Si ou deside vwayaje ann Ayiti:

  • Evite ale kote ki gen manifestasyon ak barikad.
  • Pinga fè okenn rezistans fizik si vòlè vle pran afè w.
  • Fè aranjman davans pou transpò ant ayewopò a ak otèl ou, oubyen fè moun kote w prale a vin rankontre w nan ayewopò a. ((Arrange airport transfers and hotels in advance, or have your host meet you upon arrival.))
  • Vizite sitwèb Depatman Deta pou Travel to High-Risk Areas.
  • Enskri ou nan Smart Traveler Enrollment Program (STEP) pou ou kapab resevwa anvètisman sou ijans epi fè l vin pi fasil pou responsab konsène yo jwenn ki kote ou ye si gen ijans.
  • Swiv Depatman Deta (Department of State) sou Facebook and Twitter.
  • Tcheke souvan lyen Crime and Safety Report pou Ayiti.
  • Sitwayen ameriken ki vwayaje a letranje ta fèt pou genyen touttan yon plan dijans tou pare pou tout sitiyasyon dijans ki ta prezante. Vizite souvan lyen Traveler’s Checklist.
XS
SM
MD
LG