Accessibility links

Breaking News

Depatman Deta Etazini Konseye Sitwayen Ameriken Ki Dwe Vwayaje Al Ayiti Pran Prekosyon


LOGO DEPATMAN DETA AMERIKEN AN
LOGO DEPATMAN DETA AMERIKEN AN
Depatman Deta ameriken konseye sitwayen li ki rezide ou ki gen entansyon ale Ayiiti pran prekosyon yo paske genyen anpil danje nan peyi a, tankou zak asasinay, vòl ak maladi atrapan, prensipalman nan kapital la, Pòtoprens.

Nan yon avi li pibliye vandredi, chanselri ameriken an di "okenn moun pa egzan devan kidnaping (anlèvman), kèlkeswa pwofesyon l, nasyonalite l, ras, sèks ou laj li."

Avètisman an siyale "genyen vwayajè "moun atake e vòlè afè yo tousuit apre yo te kite Ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture la, nan Pòtoprens.

Dokiman an presize gen omwen 2 sitwayen ameriken ki pèdi lavi yo ane sa a anba bal nan tantativ vòl ak nan kidnaping, e li di kapasite otorite ayisyen yo pou prevni, anpeche, ou mennen ankèt sou zak vyolans yo e pou jije responsab yo "limite".

Pou fini, Avi a siyale tou "maladi kolera a kontinye egziste nan anpil rejyon peyi Dayiti".
XS
SM
MD
LG