Accessibility links

Breaking News

Depatman d Eta Di Byenèt ak Sekirite Ameriken nan Peyi Etranje Se Priyorite Li


Foto Achiv: Pòtpawòl Depatman d Eta a, Ned Price, ki t ap pale nan yon konferans pou laprès nan Washington, 7 jiyè 2021.
Foto Achiv: Pòtpawòl Depatman d Eta a, Ned Price, ki t ap pale nan yon konferans pou laprès nan Washington, 7 jiyè 2021.

Yon responsab Depatman d Eta di: "Anbasad nou ann Ayiti rete an kontak tout tan ak Polis Nasyonal d Ayiti, misyon Christian Aid Ministries e ak fanmi viktim yo. Nou pral kontinye travay avèk yo, ak gouvènman kanadyen an e avèk patnè nou yo nan lòt ajans k ap ede nou nan ankèt n ap fè sou afè sa a."

Yon responsab Depatman d Eta di: "Byenèt ak sekirite sitwayen ameriken ki nan peyi etranje yo, se pi gwo priyorite li." Responsab la ba nou repons sa a lè nou te poze kesyon pou konnen kisa ki genyen kòm nouvo devlopman nan afè 16 misyonè ameriken ak yon misyonè kanadyen gang "400 Mawozo" te kidnape ann Ayiti 16 oktòb pase a. Li deklare:

"Anbasad nou ann Ayiti rete an kontak tout tan ak Polis Nasyonal d Ayiti a, misyon Christian Aid Ministries e ak fanmi viktim yo. Nou pral kontinye travay avèk yo, ak gouvènman kanadyen an ansanm avèk patnè nou yo nan lòt ajans k ap ede nou nan ankèt n ap fè sou afè sa a."

Responsab la ajoute ke Etazini voye ranfò pèsonèl ak resous pou ede sove lavi sitwayen ameriken sa yo epi mennen yo tounen lakay yo sen e sòf.

Responsab la pa t vle bay plis enfòmasyon, paske li di ankèt la ap dewoule toujou e Depatman d Eta vle pwoteje viktim yo.

Premye Minis Ayisyen Ariel Henry pwononse yon diskou nasyonal bone Vandredi maten, 29 Oct. nan Potoprens. (Foto: @PrimatureHT Twitter)
Premye Minis Ayisyen Ariel Henry pwononse yon diskou nasyonal bone Vandredi maten, 29 Oct. nan Potoprens. (Foto: @PrimatureHT Twitter)

Pandansetan nan Pòtoprens, Premye Minis Ariel Henry pran lapawòl byen bonè nan kòmansman jounen vandredi a; li fè yon diskou ke radyo ak televizyon te retransmèt atravè tout peyi a kote li di gouvènman li an pa ann afè avèk gang. Chèf gouvènman ayisyen an deklare:

"Gouvènman m ap dirije a pa nan konfyolo ak gang; nou pa nan negosye ak gang; nou pa nan biznis bay gang lajan. Vòlè se an vòlè ou trete sa. Asasen se an asasen ou trete sa."

Sepandan, Misye Henry pa di anyen nan diskou a sou sityasyon 17 misyonè gang 400 Mawozo a kenbe ann otaj depi 16 oktòb pase a. Wilson Joseph, idè gang sa a -ki se youn nan gang ki pi vyolan e pi puisan ann Ayiti- mande yon ranson $1 milyon dola pou chak otaj e li menase pou l touye yo si l pa jwenn satisfaksyon. Jedi 28 oktòb la, yon sous pwòch Polis Nasyonal d Ayiti an te di Ajans France Presse ke yo gen prèv ke misyonè yo vivan toujou.

Korespondan VOA nan Depatman d'Eta Cindy Saine kontribye nan repòtaj sa a.

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG