Accessibility links

Breaking News

Dènye Nouvèl sou Premye Tanpèt Twopikal Sezon 2011 la


Tanpèt Twopikal Arlene
Tanpèt Twopikal Arlene

Responsab yo o Meksik, lanse avètisman anti-siklòn pou pati nò-dès peyi a, sòti nan rejyon Tuxpan pou ale nan direksyon nò, rive jous nan La Cruz, nan moman tanpèt twopikal Arlene –ki se premye gwo tanpèt ki fòme pou sezon 2011 la sou Oseyan Atlantik la-- ap pran plis fòs.

Mèkredi 29 jen an, espesyalis meteyo pibliye yon bilten pou yo di tanpèt la menase plizyè zòn sou kòt Meksik, sòti nan Barra de Nautla pou rive nan Bahia Algodones. Tanpèt la ap deplase nan direksyon lwès ak yon vitès 13 kilomèt a lè; li pote avèk li van k ap soufle a 85 kilomèt a lè.

Sant Nasyonal Ouragan Lèzetazini an ki gen baz li nan Miami fè konnen Arlene twouve l sou yon distans anviwon 255 kilomèt a lès vil Tampico, nan Meksik, e yon distans 180 kilomèt a lès Tuxpan.

Espesyalis yo di Arlene kapab touche kòt Meksik jedi 30 jen an. Daprè espesyalis nan kesyon meteyo, Arlene kapab lage jiska 20 santimèt lapli sou Eta meksiken Tamaulipas ak Veracruz; sa kapab pwovoke inondasyon ak glisman teren ki menase lavi moun k ap viv nan divès rejyon nan eta sa yo.

XS
SM
MD
LG