Accessibility links

Breaking News

Anbadadè Ayiti nan l'ONU Pale de Priyorite Nouvo Gouvènman an: Eleksyon & Lit Kont Koripsyon


Anbasadè Denis Régis, Rep. Ayiti nan Oganizasyon Nasyon Zini.
Anbasadè Denis Régis, Rep. Ayiti nan Oganizasyon Nasyon Zini.

Anbasadè Peyi d Ayiti nan Oganizasyon Nasyon Zini, Denis Régis, bay garanti ke sa 2 priyorite gouvènman Jean Henry Céant, se òganizasyon eleksyon ki fikse pou mwa d oktòb 2019 yo avèk ranfòsman lit kont koripsyon an, dapre yon repòtaj Radyo Metwopòl (Radio Métropole) ki baze nan Pòtoprens, capital Ayiti.
Pandan yon reyinyon Konsèy Sekirite a te òganize sou sitiyasyon an ann Ayiti semèn pase a, Misye Régis te di se avèk “enterè” li resevwa envitasyon Sekretè Jeneral la bay aktè politik yo pou yo travay ansanm pou byen komen an e pou yo favorize adopsyon dispozisyon ki nesesè pou satisfè bezwen prese pèp ayisyen an; daprè chef misyon diplomatik ayisyèn nan nan l’ONU, se kondisyon endispansab pou garanti pèmanans estabilite politik la nan peyi a.

Malgre reta ki genyen nan reyalizasyon kèk objektif mete sou feblès resous ki disponib yo, Miste Régis deklare Ayiti kontinye fè efò san rete pou ranfòsman etadedwa, sistèm jistis la ak pwomosyon dwamoun. Pami siyn ki montre pwogrè sa yo fèt vrèman, diplomat la site nominasyon yon pwotektè sitwayen, ranfòsman Biwo dwamoun nan, bès nan kriminalite a, adopsyon yon nouvo kòd penal ak yon kòd pwosedi kriminèl, mete sou yon ogmantasyon nan kantite fanm ki nan kò polis la.

Malgre difikilte yo, reprezantan Ayiti a nan Nasyon Zini repete angajman otorite ayisyen yo pran pou yo garanti yon tranzisyon a la dous Misyon Nasyon Zini pou Kore Lajistis ann Ayiti (MINUJUSTH) dekwa pou li kite plas la pou yon prezans l’ONU ki pa chita sou mentyen lapè. Pou Misye Réjis, gwo soukous kriz mwa jiyè pase a pa deranje refòm estriktirèl ki lanse yo ak konkèt demokratik pèp ayisyen an. Pandan diplomat la t ap fin pale, li swete li va kapab konte sou konkou Nasyon Zini pou mizanplas yon “nouvo kontra kowoperasyon” ki pi byen adapte ak bezwen Peyi d Ayiti, nan kad sa Misye Régis rele “yon estrateji veritab pou yon lapè dirab”.

Radyo Metwopòl fini pa di Anbasadè Peyi d Ayiti nan Oganizasyon Nasyon Zini rekonèt preokipasyon ki genyen pou latwoublay 6 a 8 jiyè pase yo pa destabilize peyi a, sòti nan yon “mekontantman piblik” devan difikilte sosyo-ekonomik peyi a ap konfwonte. Sepandan, daprè li, kriz la deja pase e enstitisyon piblik yo montre yo gen matirite. Misye Régis pwofite pou l apresye apui kominote entènasyonal la avèk Konsèy Sekirite l’ONU an.

XS
SM
MD
LG