WASHINGTON —
Demokrat nan Sena a devwale yon nouvo pwojè lwa enpo pou milyadè yo ki fè pati politik enteryè Prezidan Joe Biden ap pwopoze a.
Enpo sa a ke yo devwale Mekredi, ta vize Ameriken ki gen plis pase $1 milya dola an byen oubyen ki antre plis pase $100 milyon pa an.
Enpo sa a taka komanse konpase pou gwo fay ki egziste nan sèvis sosyal yo epitou kore plan chanjman klima Prezidan Biden ap eseye finalize prese-prese semèn sa a.
Fòk Biden jwenn sipò Demokrat kle tankou Senatè Kyrsten Sinema, ki reprezante Arizona, e ki te rejte plan yo te prezante anvan yo.
Prezidan Biden di pwojè lwa li a pap egzije okenn depans siplemantè e li pap ogmante enpo pou Ameriken ki antre mwens pase $400,000 pa an.