Ozetazini, kèk manb nan Pati Demokrat la (donk pati Prezidan Obama a) fè konnen lidè ameriken an dwe bay detay klè sou aksyon gouvenman an pral poze pou l remete sou 2 pyè l yon ekonomi an kap trennen. Depite Maxine Waters –yon reprezantan demokrat Eta Kalifòni-- te pale sou dosye a nan pwogram Meet the Press ki pase sou televizyon NBC.
Depite Watters deklare:
“Prezidan an dwe gen yon pwogram pou travay, li dwe kreye travay. M ap pale de yon pwogram yon trilyon dola oubyen plis. Nou dwe mete ameriken yo nan travay. Mwen gen bon jan espwa Prezidan an pral mete yon gwo pwogram sou pye e l ap fè gwo efò pou sa.”
Repibliken yo --ki kontwole Chanm dè Reprezantan an- deja rejte yon apwòch tankou sa depite Watters anonse la a. Michele Bachman se yon depite Eta Minnesota k ap chache jwenn nominasyon Pati Repibliken an pou pòs Prezidan an. Li kritike politik ekonomik Prezidan Obama a nan pwogram Face The Nation ki pase sou chèn televizyon CBS.
Madam Bachjman di:
"Tout Solisyon li yo santre sou travay gouvènman e se yon seri solisyon tanporè. Si ou pa gen solisyon pèmanan, ou kreye destabilizasyon. Pa egzanp, mwen ta renmen wè lwa sou taks ki pote solisyon pèmanan pou pwoblèm ki poze Ozetazini. "
Depite Maxine Watters ak Michèle Bachman pale konsa mwens ke yon semèn anvan Prezidan Barack Obama prezante devan 2 chanm Kongrè a reyini (jedi 8 septanm 2011 la) pou l bay detay sou plan administrasyon n nan genyen pou l kreye travay nan peyi a e relanse ekonomi amerikèn nan.