Accessibility links

Breaking News

Etazini-Sante: Administrasyon Trump la ap Ranfòse Lit Kont Kowonaviris la


Doktè Debie Birx, yon espesyalis nan maladi viris bay moun, jwenn nominasyon li nan ekip dijans k ap lite kont kowownaviris la Ozetazini. (Foto Achiv).
Doktè Debie Birx, yon espesyalis nan maladi viris bay moun, jwenn nominasyon li nan ekip dijans k ap lite kont kowownaviris la Ozetazini. (Foto Achiv).

Vis Prezidan ameriken an, Mike Pence, nonmen Debbie Birx, yon ekspè entènasyonal nan domèn sante a, kòm kowòdonatris La Mezon Blanch pou lit kont kowonaviris la (COVID-19). Avèk nominasyon sa a administrasyon Trump la ajoute plis expertise nan ekip k ap dirije efò pou konbat pwopagasyon maladi a nan peyi a.

Madam Birx se yon doktè e, kòm yon anbasadè itineran nan Depatman Deta a, li okipe aktyèlman pòs direktris biwo k ap sipèvize efò gouvènman ameriken ap fè pou l anpeche maladi HIV/SIDA a pwopaje nan lemond. Li genyen pou l fè rapò direkteman bay Vis Prezidan Pence ke Prezidan Trump te chwazi, nan jounen mèkredi 26 fevriye a, pou dirije estrateji gouvènman ameriken an ap aplike pou konbat kriz sante kowonaviris la poze nan lemond; ansuit Madam Birx pral pote kole avèk yon ekip dijans k ap kite kont kowonaviris la e ki gen nan tèt li Minis Sante Piblik ak Sèvis Imen an, Alex Azar.

Vis Prezidan Mike Pence ki t ap pale nan lokal Depatman Sante ak Sèvis Imen an (HHS) kote li anonse nominasyon Doktè Debbie Birx kòm kowòdonatris ekip k ap mennen lit kont kowonaviris la pou gouvènman federal la. (Foto: REUTERS/Carlos Barria, Washington 27 fevriye 2020).
Vis Prezidan Mike Pence ki t ap pale nan lokal Depatman Sante ak Sèvis Imen an (HHS) kote li anonse nominasyon Doktè Debbie Birx kòm kowòdonatris ekip k ap mennen lit kont kowonaviris la pou gouvènman federal la. (Foto: REUTERS/Carlos Barria, Washington 27 fevriye 2020).

Madam Birx se yon fonksyonè piblik de karyè ki te jwenn nominasyon li nan ekip gouvènmantal k ap lite kont SIDA a sou administrasyon ansyen Prezidan Barck Obama a, ki se yon advèsè politik Prezidan Trump. Nan deklarasyon Vis Prezidan Pence fè pandan li t ap prezante Madam Mirx, li di:

“Li se yon savan, yon doktè, yon mè-de-fami ki pase 30 tan ap konsakre eksperyans li nan domèn sante piblik la kote li travay, antwòt, sou maladi viris bay moun e sou vaksen yo, e sou kowòdinasyon entè-ministeryèl. Gen lontan deja depi l ap itilize pi bon syans la pou l chanje evolisyon pandemi SIDA a e mete li sou kontwòl nan divès kominote ak divès peyi… 3 administrasyon diferan, demokrat ak repibliken, te mete konfyans yo nan konesans li e nan bon jijman li.”

Nominasyon Doktè Debbie Birx la fèt yon jou apre Prezidan Trump te minimize nesesite pou ameriken yo gen kèsote akoz kowonaviris la, menm nan moman otorite lasante yo nan gouvènman fè konnen kesyon ki poze a se pa èske viris la pral gaye Ozetazini, men pito kilè sa pral rive e ki gravite konsekans li pral genyen sou piblik ameriken an.

XS
SM
MD
LG