Accessibility links

Breaking News

Etazini-Prezidansyèl: 10 Kandida Demokrat ap Patisipe nan yon Lòt Deba nan vil Houston, Tegzas


Kandida ki te patisipe nan 2èm deba Pati Demokrat la nan vil Detroit, Eta Michigan, nan fen mwa d out 2019 la.
Kandida ki te patisipe nan 2èm deba Pati Demokrat la nan vil Detroit, Eta Michigan, nan fen mwa d out 2019 la.

Ozetazini, pandan yon bon pati nan jounen mèkredi 4 septanm 2019 la (swa depi 5 kè nan apre midi rive minui), yon lòt deba ap dewoule pou kandida demokrat ki ta renmen ranplase Prezidan Donald Trump nan La Mezon Blanch aprè eleksyon ki fikse pou mwa novanm 2020 an. Deba sa a ap fèt nan vil Houston, nan Eta Tegzas, avèk patisipasyon 10 kandida sèlman. Vrèmanvre, akoz kondisyon difisil òganizatè yo poze, anpil lòt kandida oblije wete kò yo nan diskisyon yo.

3 kandida ki toujou nan kous la: Joe Biden, Bernie Sanders, Kamala Harris pandan yo t ap patisipe nan premye deba a nan vil Miami, Eta Florid, nan kòmansman mwa jiyè 2019 la.
3 kandida ki toujou nan kous la: Joe Biden, Bernie Sanders, Kamala Harris pandan yo t ap patisipe nan premye deba a nan vil Miami, Eta Florid, nan kòmansman mwa jiyè 2019 la.

Pami kandida ki prezan yo genyen ansyen vis prezidan demokrat Joe Biden; senatè Eta Vermont, Bernie Sanders, Senatris Eta Massachusetts, Elizabeth Warran; Senatris Eta Kalifòni, Kamala Harris; ansyen sekretè Lojman ak Devlopman Iben, Juan Castro; òmdafè Juan Yong. 2 nan kondisyon yon kandida te gen pou yo satisfè se : 1. Reyalize 2 pousan pou pi piti nan sondaj dopinyon ki fèt onivo nasyonal; 2.- Resevwa omwen kontibisyon ekonomik nan men 130 mil patizan.

XS
SM
MD
LG