Accessibility links

Breaking News

Prezantasyon Bilan Operasyon DCPJ Mennen Pandan Mwa Septanm 2018 la


Komisè Michel- Ange Louis Jeune, Pòt Pawòl Polis Nasyonal Dayiti ,(PNH)
Komisè Michel- Ange Louis Jeune, Pòt Pawòl Polis Nasyonal Dayiti ,(PNH)

Pòt pawòl Polis nasyonal la, komisè Michel-Ange Louis Jeune, drese jedi 4 oktòb 2018 la bilan operasyon, Direksyon Polis Santral Jidisyè Ayiti a, DCPJ, mennen pandan mwa septanm 2018 pase a.

Otorite polisyè yo fè konnen DCPJ arete 42 moun; yo sezi 4 machin, 3 zam ak 2.5 kilogram kakayin e yo ekstrade 2 endividi Ozetazini.

Komisè Louis Jeune konmife lanmò yon bandi pandan yon operasyon lapolis nan bouk Akayè. Ayiti, malgre anpil efò otorite polis yo depwaye, toujou ap fè fas yon vag fenomèn ensekirite sitou nan Pòtoprens kote bandi ame domine yon seri katye popillè.

XS
SM
MD
LG