Accessibility links

Breaking News

Etazini-Jistis : Divizyon sou Avni Pwogram DACA a


Manifestasyon devan Kongrè ameriken an kote patisipan yo t ap apiye pwogram DACA).
Manifestasyon devan Kongrè ameriken an kote patisipan yo t ap apiye pwogram DACA).
Depatman Jistis Lèzetazini pral mande Kou Siprèm nan, pi gwo tribinal peyi a, kase desizyon yon tribinal nan Eta Kalifòni pran pou l anpeche otorite yo elimine DACA- yon pwogram ansyen Prezidan Barack Obama te enstitye pou pwoteje anviwon 800 mil jenn imigran kont depòtasyon.
Minis Jistis ameriken an, Jeff Sessions, konsidere desizyon sa a kòm "yon aksyon ra" paske administrasyon Trump la ap prese pase alaksyon anvan deba legal kap fèt nan yon kou dapèl nan San Francisco pran yon desizyon final. Pou Misye Sessions eksplike pozisyon li sou dosye a, i fè konnen "se tap yon defi pou lalwa e pou bon sans" pou nou kite yon sèl grenn jij federal pran desizyon sou pwogram DACA a pou tout yon peyi.
Manifetsan ki tap pwoteste devan biwo Sen. Dean Heller (R-Nev.), pou yo apiye pwogram DACA a ak TPS pou imigran. (Kongrè ameriken an, le 16 janvye 2018, nan Washington. (Foto: AP/Jose Luis Magana)
Manifetsan ki tap pwoteste devan biwo Sen. Dean Heller (R-Nev.), pou yo apiye pwogram DACA a ak TPS pou imigran. (Kongrè ameriken an, le 16 janvye 2018, nan Washington. (Foto: AP/Jose Luis Magana)
Anvan sa, nan jounen madi 16 janvye 2018 la, prezidan ameriken an, Donald Trump, te kritike manm demokrat Kongrè a poutèt, daprè li: "egzijans yo fè pou otorite ameriken yo pwoteje benefisyè pwogram DACA a kapab oblije gouvènman an fèmen pi ta semèn sa a e sa kapab genyen move konsekans sou travay lame amerikèn nan. Men palmantè demokrat yo rejte opinyon Prezidan Trump la.
--------------------------------------------------------------------------------
XS
SM
MD
LG