Accessibility links

Breaking News

Etazini-Imigrasyon: Depatman Sekirite Enteryè Bloke Pwovizwaman Nouvo Aplikasyon pou Pwogram DACA a


Logo Sèvis Imigrasyon ak Ladwann Lèzetazini. (Foto: Paul J. RICHARDS/AFP)
Logo Sèvis Imigrasyon ak Ladwann Lèzetazini. (Foto: Paul J. RICHARDS/AFP)

Depatman Sekirite Enteryè Lèzetazini an, ki sou tèt Sèvis Imigrasyon ak Sitwayènte, fè konnen nan jounen madi 28 jiyè 2020 an, li pa p aksepte okenn nouvo aplikasyon pou pwogram DACA a –swa pwogram ki pwoteje kont depòtasyon jenn imigran ki te antre Ozetazini ak paran yo pandan yo te piti, alòske paran sa yo pa t genyen papye legal. Desizyon sa a pwovoke gwo kritik bò kote militan k ap defann dwa imigran yo avèk lidè demokrat yo nan Kongrè ameriken an.

Minis Sekirite Enteryè Pwovizwa a, Chad Wolf, pibliye yon memo kote li di li lanse yon revizyon pou Pwogram DACA a epi, an plis desizyon ki bloke tout nouvo aplikasyon pou moun ki ta vle benefisye de pwogram nan pandan revizyon an ap fèt la, depatman an ap pèmèt moun ki deja nan pwogram nan renouvle stati legal pwovizwa yo ak pèmi travay yo, men se pou 1 nan sèlman olye de 2 zan yo te konn genyen anvan sa a. Dapre yon 3èm restriksyon, otorite yo pa pral pèmèt aplikan aktyel yo vwayaje aletranje epi retounen Ozetazini daprè yon sistèm ki rele “otorizasyon retou ke imigrasyon bay divans”, jan sa te konn fèt anvan desizyon Depatman Sekirite Enteryè a fèk pran an, amwens ke yon imigran ki nan pwogram nan benefisye de yon sikonstans eksepsyonèl.

Prezidan Donald Trump eseye plizyè fwa pou l mete fen nan Pwogram DACA a ki te antre an aplikasyon sou administrasyon Obama a. Men, Kou Siprèm nan pi gwo tribinal nan peyi a, te deside mwa pase a ke gouvènman an pa t suiv règleman nòmal yo pou l pran yon aksyon konsa. Genyen anviwon 650 mil jenn imigran ki benefisye de pwogram DACA a.

XS
SM
MD
LG