Accessibility links

Breaking News

Prezidan Trump Kritike Imigran K ap Benefisye de Pwogram DACA a


daca
daca

Prezidan ameriken an, Donald Trump, fè konnen kèk nan jenn imigran ke Barack Obama, lidè ki te vini anvan l lan, te bay pèmisyon pou yo rete Ozetazini yon fason pou yo te evite depòtasyon, tounen jounen jodi a “moun k ap komèt zak ilegal”. Prezidan Trump lanse atak sa a kont imigran yo nan jounen madi 12 novanm 2019 la kèk èdtan anvan Kou Siprèm nan te genyen pou l tande avoka ki pou ak avoka ki kont pwogram Misye Obama te mete sou pye pou ede jenn imigran yo e ki rele DACA (abreje anglè pou “Aksyon An Favè Timoun ki Rive nan Peyi a”).

Donald Trump te ranpòte eleksyon 2016 la gras ak yon kanpay kote li te pran yon pozisyon fèm kont imigrasyon illegal. Pwogram DACA a –ki te antre an aplikasyon an 2012- te pèmèt plis pase 800 mil imigran san papye ki te antre Ozetazini ak paran yo pandan yon ti ti minè toujou, rete nan peyi a; jounen jodi a sèl peyi anpil nan yo konnen se Lèzetazini. Prezidan Trump ekri sou kont Twitter li:

“Anpil nan benefisyè DACA yo, ki pa timoun ankò, pa konpòte yo kòm tizanj. Kèk nan yo se moun ki fò, ki madre nan kòmèt zak ilegal. Prezidan Obama te di li pa genyen okenn otorite legal pou l siyen dekrè konsa; men li te fè sa kanmèm. Si Kou Siprèm nan pran yon desizyon ki korije sa, nou va chache jwenn avèk Demokrat yo yon antant ki ka pèmèt yo rete nan peyi a.”

3 kou dapèl te pran desizyon pou yo rejte yon lòd Prezidan Trump te pase pou l mete fen nan pwogram nan ki kontinye pwoteje anviwon 700 mil jenn imigran. Pou yon jenn imigran benefisye de DACA, oubyen kontinye aplike pou li renouvle benefis pwogram nan ba li epi rete Ozetazini, li dwe pwouve li te toujou viv nan peyi a, l ap travay oubyen li lekòl epi lajistis pa t janm kondane l pou yon zak ilegal. Pwogram DACA aksepte jenn immgran ki te antre nan peyi a anvan yo te gen 16 zan e si yo te rive sou tèritwa ameriken an anvan ane 2007. Kèk rechèch montre plis pase 90% nan benefisyè yo ap travay tandiske preske mwatye nan yo ap frekante lekòl.

XS
SM
MD
LG