Accessibility links

Breaking News

COVID-19: Kouman pou Pran Swen Yon Malad ki Trape Omicron


France Omicron
France Omicron

Pandan varyan omicron an ap vale teren nan mond la, mezi tankou pran vaksen ak rete nan izòlman antre an vigè.

Òganizasyon Mondyal lasante rapòte, semèn sa a, ke varyan omicron an prezan nan 77 peyi, e malgre pèsonn pa espere ke lopital yo ka chaje ak ka, tankou sa te fèt an 2020, gen anpil chans pou plizyè milyon moun ki kontaminen bezwen resevwa swen lakay e pou fanmi yo bezwen asistans.

Sa w dwe fè lè w gen premye sentòm yo?

Li byen fasil pou konfonn sentòm omicron yo ak sentòm grip. Pou sa, depi premye manifestasyon maladi a, premye pa a, dapre medsen yo, se fè yon tès COVID-19 pou evite viris la pwopaje.

Sentòm ki pi kouran lakay pasyan ki teste pozitif pou varyan omicron an, li gen tèt fè mal, gòj fè mal, nen l ap koule, li fatige e l ap etènye.

"Lè konsa pasyan an dwe pran aceminofèn pandan l ap pran remèd inofansif, kidonk ki p ap fè l mal, tankou Tylenol, remèd ki p ap fè gwo domaj. Pasyan an ap pèdi anpil likid, menm nan respirasyon l, e akoz fyèv ke viris la ba li, e konsa li enpòtan pou l pran likid pou ranplase sa l pèdi," dapre sa pedyat Ligia Peralta di LaVwadlamerik.

Ki mezi yon moun k ap okipe yon pasyan dwe pran?

Si w ap okipe yon pasyan, ou dwe asire w ke ou izole tèt ou e kenbe kontak minimòm ak li.

Anplis doktè a rekòmande pou w sèvi ak 2 mask oubyen mete yon kouvèti plastik sou figi w tout peryòd kote w ap okipe malad la, pandan apeprè 2 semèn.

Doktè Peralta bay konsèy sa a: "Pran vaksen w, mete meyè defans posib sou ou, e si w deja pran 2 dòz vaksen, pran boustè a. E mask la dwe kouvri nèt nen w ak bouch ou. Kenbe distans ou, fè sa w bezwen fè, e imedyatman deplase."

Ki lè w dwe tcheke medsen pou yon malad?

Tcheke yon sal dijans si w detekte ke malad la gen difikilte pou l respire, si l gen doulè oubyen presyon k ap pèsiste nan pwatrin li, si l twouble, si l paka reveye nan dòmi, oubyen si je l paka rete klè. Si po kò l oubyen baz zong li vin pal, gri oubyen ble.

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG