Accessibility links

Breaking News

Etazini-Jistis: Yon Jiri Jwenn Komedyen Bill Cosby Koupab pou Atak Seksyèl

Bill Cosby, pandan li t ap kie tribinal kote yon jij jwenn li koupab deske li komèt plizyè abi seksyèl.
Bill Cosby, pandan li t ap kie tribinal kote yon jij jwenn li koupab deske li komèt plizyè abi seksyèl.

Ozetazini, nan vil Norristown, nan Eta Pennsilvani, nan mitan jounen jedi 26 avril 2018 la, yon jij jwenn komedyen ameriken byen koni Bill Cosby, ki gen 80 an, koupab pou tou lè 3 chèf d'akizasyon ki t ap peze sou do li: lajistis te repwoche li plizyè atak seksyèl li ta fè sou yon seri de dam pi bonè nan vi li.

Komisè gouvènman Kevin Steele, responsab pakè Awondisman Montgomery ki t ap dirije akizasyon an, te mande jij la revoke libète sou kosyon li te bay akize a, paske, daprè komisè a, gen posiblite pou komedyen popilè a ta tounen yon fijitif, sètadi pou l ta kouri pou lajistis. Mèt Steele di li fè demand sa a paske "Bill Cosby posede yon avyon pèsonèl". Akize a te tann jiri a kite sal la epi li leve kanpe pou l di, avèk kèk gwo mo nan bouch li: " Mwen pa frenk pesede okenn avyon,....... "

Avoka Gloria Allred (mitan, nan mikwo) kanpe bò kote kèk fanm viktim ki akize Bill Cosby pou atak seksyèl aprè yon jiri te deklare li koupab nan yon pwosè ki dewoule nan vil Norristown, Awondisman Montgomery, Eta Pennsilvani, 26 avril 2018.

Finalman jij la kite Bill Cosby an libète pwovizwa ann atandan tribinal la fikse yon dat pou l pwononse santans la. Nap raple ke Bill Cosby te sibi yon premye pwosè pou menm chèf d'akizasyon yo, sètadi plizyè dam te pote plent devan lajistis kont li pou atak seksyèl li ta fè sou yo pi bonè nan karyè li. Medam sa yo te fèk ap antre sou sèn divestisman ak show biznis la Ozetazini e yo te fè Cosby konfyans pou l te ede yo lanse karyè yo. Nan epòk la akize a, ki se yon aktè, te yon gwo vedèt televizyon e li ta pral genyen pwòp pwogram pa li, "The Cosby Show" .

XS
SM
MD
LG