Accessibility links

Breaking News

Eleksyon nan Kolonbi ak Patisipasyon Pati Politik Fòs Revolisyonè a, FARC


 Eleksyon nan Kolombi, fot 27 me 2018.
Eleksyon nan Kolombi, fot 27 me 2018.

Elektè yo nan peyi Kolonbi te soti al vote dimanch 27 me 2018 la, yon fason pou eli yon nouvo prezidan nan nasyon amerik di sid la. Se premye eleksyon prezidansyèl ki dewoule nan Kolonbi depi lè gouvènman santral la te fin siyen yon akò lapè ak fòs revolisyonè kolonbyèn nan, FARC.

Depi lè sa a, ansyen gwoup rebèl la fòme yon pati politik. Prensipal kandida yo, se ansyen senatè konsèvatè Ivan Duque ak ak Gustavo Petro, yon ansyen geriyewo ki te majistra kapital la,Bogota.

Mesye Duque, se yon pwoteje ansyen prezidan kolonbien Alvaro Uribe, e li konn abitye lanse kritik piman bouk sou gwoup rebèl Farc la.

XS
SM
MD
LG