Accessibility links

Breaking News

Michael Collins, Astwonòt Apollo 11, Mouri a 90 An.

Astwonòt Apollo 11 yo: Neil Armstrong (agoch), Michael Collins (mitan) avèk Edward "Buzz" Aldrin.
Astwonòt Apollo 11 yo: Neil Armstrong (agoch), Michael Collins (mitan) avèk Edward "Buzz" Aldrin.

Neil Armstrong te mouri an 2012, sa ki fè se Edwin Aldrin ki rete vivan toujou nan 3 astwonòt ki te reyalize misyon Apollo 11 la nan dat 20 jiyè 1969.

Astwonòt ameriken Michael Collins, ki te pilote modil linè a pou misyon Apollo 11 la kote 2 kòlèg li, Neil Armstrong ak Edwin Buzz Aldrin, te desann sou lalin nan nan jounen istorik 20 jiyè 1969, mouri mèkredi 28 avril 2021 an, daprè sa fanmi li di ajans nouvèl Associated Press. Li te genyen 90 an.

Misye Collins te fè pati trio astwonòt ki te reyalize avèk siksè misyon La NAZA te genyen pou l fè yon nonm ateri sou sifas lalin nan; (depi lè sa a vèb “alini” –ou debake sou lalin- egziste). Siksè sa a te mete fen nan konkirans ki te egziste ant Lèzetazini ak Larisi nan sa ki pase nan listwa sou non “kous vè lespas”. Konsa Neil Armstrong, Edwin Buzz Aldrin ak Michael Collins te reyalize pwomès e menm defi Prezidan John F. Kennedy te mete devan Lèzetazini nan diskou li te fè an janvye 1961 kote l te di peyi a te gen pou l fè yon ameriken debake sou lalin anvan fen ane 60 yo.

Le 16 jiyè 2019, astwonòt Michael Collins (adwat) te vizite Sant Espasyal Kennedy a, nan Eta Florid, kote li te rankontre ak direktè sant la, Bob Cabana, nan yon lokal ki rele Launch Complex 39A kote aparèy Apollo 11 la te dekole le 16 jiyè 1969.

Menm si Michael Collins te vwayaje sou plis pase 300 mil kilomèt pou l te antre nan obit lalin nan epi rive sou yon distans 130 kilomèt ak satelit latè sa a, misye pa t janm pile sifas lalin nan jan 2 kòlèg li yo te fè sa, yo menm. Neil Armstrong te mouri an 2012; sa ki fè se Edwin Aldrin ki rete vivan toujou pami 3 astwonòt yo. Aprè misyon Apollo 11 la, okenn nan yo pa t patisipe nan yon misyon nan lespas ankò.

XS
SM
MD
LG