Accessibility links

Breaking News

Colin Powell Mouri ak Konplikasyon COVID-19 Pwovoke


Foto Achiv: Colin Powell gade foul la pandan Prezidan George Bush pwononse yon diskou nan Depatman d'Eta nan Washington, 15 Fev. 2001.
Foto Achiv: Colin Powell gade foul la pandan Prezidan George Bush pwononse yon diskou nan Depatman d'Eta nan Washington, 15 Fev. 2001.

Colin Powell, ansyen chef d'eta majo fos zame Etazuni ak Sekrete d'Eta mouri ak konplikasyon maladi COVID-19 la.

Fanmi Powell anonse nouvel la sou rezo sosyal yo Lendi maten e li fe konnen Misye Powell te vaksinen kont virus la. Li te gen 84 an.

Powell se premye nwa Ameriken ki janm sevi kom chef d'eta majo fos zame etazuni epi kom sekrete d'eta. Men reputasyon li te soufri anpil apre li te paret devan Konsey Sekirite Nasyonzuni an pou ankouraje li bay konsantman pou Etazuni fe lage ak Iraq. Li te site nan epok la enfomasyon ki pat fyab ki di Saddam Hussein te sere zam fan fwa ki gen kapasite pou touye moun pa bann e pa paket. Li te deklare ke Iraq bay manti le li di li pa gen kalite zam sa yo lakay li.

"Nou pedi yon pesonaj remakab, yon mari, granpe ki gen yon ke chaje ak lanmou e yon gran Ameriken," fanmi Powell la di nan deklarasyon li pibliye a. Jeneral retrete a tap resevwa tretman nan sant medikal nasyonal Walter Reed la, nan vil Bethesda, eta Maryland - ki se yon banlye Washington.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG