Accessibility links

Breaking News

Demisyon Prensipal Konseye Ekonomik Prezidan Trump la, Gary Cohn


Prensipal konseye ekonomik La Mezon Blanch-la, Gary Cohn, ki anonse madi 6 mas 2018 la li remèt demisyon li (Foto: 25 janvye 2018 - ACHIV).
Prensipal konseye ekonomik La Mezon Blanch-la, Gary Cohn, ki anonse madi 6 mas 2018 la li remèt demisyon li (Foto: 25 janvye 2018 - ACHIV).

Nan kòmansman jounen mèkredi 7 mas 2018 la, krent pou yon lagè komèsyal pa eklate, lakoz pri yo bese sou machedlabous yo atravè lemond aprè pi gwo konseye ekonomik Prezidan Trump la, Gary Cohn, te anonse li bay demisyon li.

Menm pandan Gary Conh te yon manm administrasyon Trump la, se pi gwo opozan plan prezidan an genyen pou l ajoute 25% tarif sou enpòtasyon asye avèk 10% tarif sou enpòtasyon aliminyòm. Byen bonè nan kòmansman jounen an, Dow Jones nan te anrejistre yon bès 7%, tandiske bès S&P a te yon ti kras pi ba.

Gary Cohn nan yon konferans pou laprès nan dat 23 janvye 2018.
Gary Cohn nan yon konferans pou laprès nan dat 23 janvye 2018.

Nan yon nòt GaCohn pibliye madi pou l anonse demisyon li, li di: "Sete yon onè pou m te sèvi peyi mwen e pou m aplike politik ekonomik ki ankouraje kwasans pou benifis pèp ameriken an; tou espesyalman adopsyon yon plan refòm fiskal istorik."

XS
SM
MD
LG