WASHINGTON, DC —
Ozetazini, kandida ala prezidans Pati Demokrat la, ansyen Sekretè Deta Hillaray Clinton, ale mèkredi a nan vil Cleveland, nan Eta Ohio, kote li fè yon diskou sou politik jeneral li.
Madanm Clinton pwononse diskou sa a nan yon lise nan vil la, kote li deklare chanjman Misye Trump fè nan direksyon kanpay li a pa pral chanje kandida repibliken an pou sa. Hillary Clinton deklare:
"Misye ap rete menm moun nan. Se menm nèg kap mache manke moun dega: li manke veteran lagè yo dega; li degrade fanm yo, li pase moun ki andikape nan betiz, e li panse li konnen plis bagay sou Gwoup Eta Islamik la pase jeneral lame nou an. Pap gen yon nouvo Trump. Se menm moun nan, li pap chanje... pwen ba.”