Clifford Brandt, yon òm dafè ayisyen ansanm ak kèk lòt konplis li ki kondane pou zak kidnapin sou jèn Moscosso yo te prezante dejan jij nan tribinal Gonayiv la madi 30 oktob 2018 la nan kad rejijman konfòmeman ak desisyon kou Kasasyon nan Pòtoprens te pran sou dosye sa a.
Clifford brandt te reponn kesyon dwayèn tribinal Premyè Enstans Gonayiv la ki limenm gen pou defere dosye a nan parquet.
Komisè Gouvenman Gonayiv la Mèt Serard Gassius.di Lavwadlamerik, "Entèwogatwa translatif sa a antre nan kap preparatif kap.fèt pou.rejije Brandt ak okolit.li yo nan tribinal kriminel nan Gonayiv.