Accessibility links

Breaking News

Ekonomi-USA: Negosyasyon Ap Dewoule sou yon Plan pou Gouvènman an Kontinye Ede Chomè yo


Prezidant; Chanm Depite a, Nancy Pelosi (D-Kal), mande La Mezon Blanch ak Lidè repibliken nan Sena a negosye ak Demokrat yo sou yon nouvo plan asistans pou chomè yo.
Prezidant; Chanm Depite a, Nancy Pelosi (D-Kal), mande La Mezon Blanch ak Lidè repibliken nan Sena a negosye ak Demokrat yo sou yon nouvo plan asistans pou chomè yo.

Ozetazini, Prezidant Chanm Depite a, Demokrat Nancy Pelosi, fè presyon sou La Mezin Blanch avèk Sena a -ki anba kontwòl Repibliken yo- pou yo prese negosye pou yo renouvle benefis yon pwogram sovtaj ekonomik ki ede plis pase 16 milyon sitwayen ke pandemi KOVID-19 la lage nan chomaj; se yon pwogram k ap rive nan bout li anvan lontan.

Pandan otorite yo nan La Mezon Blanch ak Sena a t ap prapere yo pou yo pwopoze yon nouvo pwogram èd pou yon trilyon dola, Madam Pelosi lanse yon apèl pou l envite yo prezante prese-prese nan biwo li, nan Kongrè a pou yo eseye jwenn yon antant avèk Demokrat yo ki, yo menm, ta pito yon pwogram depans 3 trilyon dola pou relanse ekonomi an k ap konfwonte gwo difikilte akoz kowonaviris la. Prezidan Lachanm nan deklare:

“Lè a preske fin pase sou nou. Si Repibliken yo gen sansiblite vrèman pou fanmi k ap travay yo, sa pa ta sipoze pran lontan.”

Pandan 4 mwa ki pase yo, gouvènman federal la depanse plizyè milyon dola ki ale jwenn chomè yo nan kad yon pwogram asistans kote yo resevwa 600 dola pa semèn; men pwogram sa a pral rive nan bout li vandredi 31 jiyè k ap vini la a. La Mezon Blanch ak lidè repibliken yo nan Kongrè a ta renmen divize kòb sa a an 3 pou yo bay chomè yo 200 dola pito pa semen, tandiske lidè demokrat yo, yo-menm, ap fè presyon pou gouvènman ab pa chanje valè lajan an, kidonk pou li kontinye bay chomè yo 600 dola pa semèn pou rive jous nan fen ane 2020 an

Repibliken yo pa dako, paske, dapre sa yo di, plis pase mwatye nan Ameriken ki pèdi travay yo ap resevwa yon benefis chomaj ki pi gwo pase kòb yo t ap touche lè yo t ap travay la. An plis de sa, dapre yon sondaj ki te fèt nan mwa me pase a, anviwon yon 5èm nan chomè sa yo rejte yon of patwon travay yo te fè yo pou yo retounen travay, paske benefis chomaj la plis pase salè yo t ap resevwa kòm anplwaye.

XS
SM
MD
LG