Accessibility links

Breaking News

Mezantant ant Mezon Blanch ak Demokrat yo sou Dekrè Prezidan Trump Siyen sou Èd pou Chomè yo ak Ekonomi an


Minis Trezò a, Steven Mnuchin (a dwat) ak Minis Prezidans la, Mark Meadows, ki te negosye nan non administrasyon Trump la pandan 2 semèn avèk lidè demokrat yo.
Minis Trezò a, Steven Mnuchin (a dwat) ak Minis Prezidans la, Mark Meadows, ki te negosye nan non administrasyon Trump la pandan 2 semèn avèk lidè demokrat yo.

La Mezon Blanch ak lidè demokrat yo nan Kongrè ameriken an tope kòn yo nan jounen dimanch 9 out 2020 an kote yo te twoke kek pawòl piman bouk poutèt Prezidan Donald Trump siyen kèk dekre pou l pwolonje yon pwogram èd ki te ofri benefis an favè plizyè dizèn milyon ameriken pandemi kowonaviris la lage nan chomaj. Benefis sa yo te koupe anpil taks pou anplwaye yo, men yo te rive nan bout yo nan fen mwa jiyè a.

Prezidan Cham Depite a --ke Demokrat yo ap kontwole--, Nancy Pelosi, ki t ap pale nan pwogram televize Fox News Sunday, deklare li konsidere aksyon Prezidan Trump la kòm “yon desizyon ki chich, ki fèb e ki enkontitisyonèl. Sa pral pran lontan anvan pou kòb sa a rive nan pòch ameriken yo.” Madam Pelosi lanse apèl bay La Mezon Blanch pou l mande lidè yo nan pouvwa egzekitif la rankontre ak Demokrat yo nan mwatye wout la, savle di pou yo fè konpwomi sou kantite lajan leta federal la pral depanse pou l ede plis pase 30 milyon anplwaye ameriken ki nan chomaj e pou administrasyon Trump la ede gouvènman minisipal ak gouvènman eta ki bezwen plis asistans yo.

Prezidant' Chanm Depite a, Nancy Pelosi (adwat) avèk lidè minorite a nan Sena a, Chuck Schumer, ki te mennen negosyasyon yo pou Pati Demokrat la.
Prezidant' Chanm Depite a, Nancy Pelosi (adwat) avèk lidè minorite a nan Sena a, Chuck Schumer, ki te mennen negosyasyon yo pou Pati Demokrat la.

Minis Trezò a, Steven Mnuchin, bò kote pa l, fè konnen dekrè Prezidan Trump siyen nan jounen samdi a se pa t chwa pèsonèl li e li lage responsablite a sou do Madam Pelosi ak lidè minorite a nan Sena a, Chuck Schumer, pou echèk negosyasyon ki te dewoule pandan 2 dènye semèn yo sou yon nouvo plan asistans ekonomik pou kontrekare move konsekans pandemi kowonaviris la. Misye Mnuchin kontinye pou l di: “Mwen fè Demokrat yo konnen nenpòt ki lè yo genyen yon pwopozisyon pou yo fè, m ap pare pou m fè chitande avèk yo.” Li ajoute La Mezoan Blanch dispoze bay gouvènman lokal yo ak gouvènman eta yo plis asistans, men pa yon trilyon dola Demokrat yo ap reklame a.

Chèf minorite a nan Sena, Chuck Schumer, li-menm, ki t ap pale nan pwogram chèn televizyon ABC “This Week”, di li konsidere dekre Prezidan Trump yo kòm yon solisyon ki “minab, ridikil, ki pa p bay rezilta, ki fèb e ki twò mens pou l ta ka ede yon ekonomi k ap bwete epi satisfè bezwen ekonomik plizyè milyon ameriken ki nan chomaj.

XS
SM
MD
LG