Accessibility links

Breaking News

Prezidan Trump Resevwa Kim Yong Choi, Anvwaye Lidè Kore di Nò a, Kim Jong Un.

Prezidan Donald Trump ki t ap pale ak Kim Yong Chol, ansyen chèf sèvis espyonaj militè Kore di Nò e youn nan pi pwòch kolaboratè lidè peyi sa a, Kim Jong Un, aprè rankont yo nan Salon Oval Mezon Blanch la nan Washington, vandredi premye jen 2018. (Foto: AP/Andrew Harnik).

Prezidan ameriken an, Donald Trump, fè konnen li menm ak lidè Kore di Nò a, Kim Jong Un, gen popuyo ramkontre nan dat 12 jwen 2018 la nan Sengapou pou sa li rele "kòmansman yon pwosesis." Misye Trump fè anons la nan yon konferans pou laprès li bay sou pelouz La Mezon Blanch nan apremidi jounen vandredi premye jen 2018 la aprè yon rankont bhyen long li te fè nan Biwo Oval la avèk Kim Yong Choi, pi gwo ofisyèl nò-koreyen ki vizite Lèzetazini nan preske 20 tan.

Sekretè Deta Mike Pompeo te asiste rankont la kote Misye Kim Yong Choi remèt Prezidan Trump de men a la men yon lèt lidè Kore di Nò a, Kim Jong Un, voye ba li. Nan konferans pou laprès la, Prezidan Trump di li twouve lèt la trè enteresan, e, san li pa bay twòp detay, li di anvan lontan li pral pibliye kòmantè li gen pou l fè sou sa k di nan lèt la.

Lè laprès te mande prezidan an dekri rankont la, sete sa l te ka rele "yon rankont pou fè konesans" e objektif la sete pou li menm ak Misye Kim Yong Choi prepare chemen an pou somè 12 jen an avek rankont ki byen ka dewoule apre sa avèk Kim Jong Un. Li ajoute: "Mwen panse se pral yon pwosesis; men relasyon yan ap evolye." Dapre sa La Mezon Blanch di, rankont vandredi premye jen an te sipoze dire anviwon 5 minit; men konvèsasyon an rive dewoule pandan plis pase 1 èdtan.

Kim Yong Choi, anvwaye lidè Kore di Nò a, Kim Yong Chol, pandan li t ap pale avèk Prezidan Donald Trump pandan Sekretè Deta Mike Pompeo ta akonpaye yo apre rankont yo nan Salon Oval Mezon Blanch la nan Washington, DC. vandredi premye jen 2018.

Nouvèl la raple ke anvwaye Kore di Nò a se youn nan ofisyèl peyi li ki anba sanksyon Lèzetazini paske Washington akize yo deske yo mele nan aktivite kote yo ta sèvi ak Entènèt la pou yo atake kèk konpayi amerikèn. Pou li fè vwayaj la Ozetazini, otorite ameriken yo te gen pou ba li yon dwa de pasaj espesyal.

Rive Misye Kim Choi te rive nan La Mezon Blanch, li te jwenn chèf pèsonèl la, John Kelly, ak konsye pou zafè sekirite nasyonal la, John Bolton, pare pou akonpaye li nan Salon Oval la. Vizit sa a dewoule yon jou aprè Sekretè Deta Mike Pompeo te fè konnen "bon jan pwogrè fèt" nan negosyasyon pou ranfòse chans pou somè 12 jen an dewoule vrèman.

XS
SM
MD
LG