Accessibility links

Breaking News

Etazini-Izrayèl: Pa Gen Tansyon Nan Relasyon Ant 2 Peyi yo


Prezidan ameriken an, Barack Obama ak Premye minis Izrayelyen an, Benjamin Netanyahu reyafime angajman yo pou chita tande dirèk dewoule ant Izrayèl ak Palestinyen e yo minimize enpòtans mezantant ki ta genyen nan relasyon ant Etazini ak Izrayel. Nan yon parèt 2 lidè yo te fè ansanm nan la Mezon Blanch madi 6 jiyè a, Mesye Obama deklare: li menm ak mesye Netanyahu te fè yon rankont byen long sou avni lapè nan Mwayen Oryan an.

Lidè ameriken an fè konnen premye minis izrayelyen an montre volonte pou l fè chita-tande serye ak palestinyen yo. Msye Netanyahu, bo kote pa l di : «li lè li tan pou chita tande dirèk komanse ant Izrayel ak palestinyen yo.»

XS
SM
MD
LG