Accessibility links

Breaking News

Negosyatè Ameriken ak Nò Koreyen yo fè yon Chita-Tande nan Nouyòk


Kim Kye Gwan
Kim Kye Gwan

Negosyatè Ameriken ak Nòkoreyen yo dwe rankontre nan Nouyòk pou fè premye chita-pale yo depi 18 mwa.

Ajan polis yo sipoze kòmanse tabli yon kòdon sekirite alantou misyon diplomatik Lèzetazini genyen nan syèj Nasyonzini an, kote konvèsasyon demare maten an, vè 9 vè, swa 8 tè lè Ayiti.

Delegasyon ameriken an ap genyen nan tèt li Steven Bosworth. Vis minis afè etranjè nòkoreyen an, Kim Kye Gwan, k ap dirije delegasyon Kore Di Nò a, di nan moman li t ap debake nan Nouyòk madi 26 jiyè 2011 la, ke li plase gwo espwa nan 2 jou chita-tande yo.

Misye Kim di: “kounye a, li tan pou tout peyi yo rekonsilye”.

Men otorite ameriken yo yon ti jan pi pridan nan deklarasyon yo; yo senpleman deklare “yo vle wè si Kore Di Nò deside tout bon vre respekte tout angajman li te pran nan ane 2005 pou l demantibile pwogram nikleyè li a, e, kòm de retou, benefisye tout avantaj diplomatik yon desizyon konsa kapab pote pou li.

Kore di Nò ap chèche yon “redemaraj” negosyasyon ak 6 nasyon yo sou pwogram nikleyè li a, apre l te vire do l kite chita pale yo an 2008.

XS
SM
MD
LG