Diplomat ap rasanble pou yon konferans nan peyi Turki kote delege yo pral fè yon chita -tande sou avni sekirite ak devlopman ekonomik peyi Afganistan nan moman twoup etranjè yo ap pare pou kite peyi a disi 2014 .
Chita-tande a reyini dirijan ki soti nan 14 peyi nan rejyon an ak reprezantan nasyon oksidantal yo k ap patisipe nan misyon l’OTAN nan Afganistan.
Konferans sa a ap dewoule yon jou apre dewoulman yon somè ak prezidanm afgan an Hamid Karzai e ak tokay pakistanè l Asif Ali Zardari e prezidan turk la Abdullah Gul.