Accessibility links

Breaking News

Lachin Ap Voye Anvwaye Espesyal nan Kore di Nò nan Fen Semèn nan


Biznis lidè kap bay lamen pandan seremoni siyati akò ant Prezidan Donald Trump ak Prezidan Lachin nan Xi Jinping nan Hall la Great nan Peken, 9 novanm, 2017.
Biznis lidè kap bay lamen pandan seremoni siyati akò ant Prezidan Donald Trump ak Prezidan Lachin nan Xi Jinping nan Hall la Great nan Peken, 9 novanm, 2017.

Lachin ap voye anvwaye espesyal li nan Kore di Nò nan fen semèn nan.

Ajans ofisyèl Chine Nouvelle fè konnen Song Tao, ki se alatèt seksyon afè etranjè nan Pati Kominis chinwa a, ap pati pou ale nan Kore di Nò vandredi 24 novanm 2017 la pou pale ak otorite Kore di Nò yo sou diskite ak ofisyèl nò koreyen yo sou konklizyon pale yo te genyen pandan kongrè nayonal chinwa a ki sot dewoule sa pa gen lontan.

Prezidan Etazini Donald Trump te ekzòte Lachin ak lòt lidè nan rejyon an pou yo ogmante efò pou rezoud kriz ki nan preskil Kore a, pandan vwayaj 12 jou li sot fè nan 5 peyi ann Azi.

XS
SM
MD
LG