Accessibility links

Breaking News

Chili Resevwa Vizit Espesyalis Ajans Spasyal Amerikèn Nan (NASA)


33 Chilyen ki kole nan minn yo
33 Chilyen ki kole nan minn yo

Espesyalis NAZA sa yo te twouve yo nan minn San Jose a kote yo evalye efò k ap deplwaye pou evakye 33 travayè minn ki gen preske yon mwa depi yo bloke nan yon kav anbatè a.

Ekspè NAZA yo te vizite minn kuiv ak lò a kote yo pataje ekperyans ajans la sou fason yo konn kenbe astwonòt yo “sen-nesòf” pandan yo izole pou yon bon bout tan.

Asistan responsab pou seksyon medikal La NAZA a, ofisye Michael Duncan, deklare ekip la enpresyone pou l wè ak ki kouraj e ak ki òganizasyon travayè minn yo reyaji nan sikonstans difisil sa a.

La NAZA konseye responsab chilyen yo pou yo onèt avèk travayè minn yo pou yo pa kreye fo espwa lakay yo sou valè tan sa ap pran pou evakye yo.

Otorite chilyen yo di , sa ka pran plis pase 4 mwa pou sove mesye yo.

XS
SM
MD
LG